Mesaj Amaral Duclona pou mamb Zanmi Lavalas

​ Mwen rele Amaral Duclona. Apre demisyon Titid an 2004, li te mande mwen kidnape, detchwui lavi moun, boule ak mete dife. Sa te fè pati de yon estrateji pou fose moun ki te mande l demisyone yo menen l tounen. Lè Titid fin banmwen lod sa e pou li ka tounen mwen moute operasyon Bagdad ak Operasyon Pakatan n. Objektif operasyon sa yo sete mete laterè nan mitan fanmi yo pou fose Titid tounen. Mwen tiye anpil moun pou Titid e mwen te tiye ampil polisye tou nan kad estrateji sa. Mwen men’m Amaral Duclona mwen kidnape anpil moun pou Titid kapab tounen. Titid pou apiye lojik la te fè diskou nan radyo sou kidnaping tout moun jwen. Mwen te kontan wè ke se pat lod sèlman keli te banmwen men li te piblikman sipote m. Se sakfè mwen te monte volim kidnaping la. Titid nan diskou li te vle fè sosyete a konnen ke si li pa tounen Ayiti kidnaping la patap kanpe. Nan deblozaj sa yo mwen touye yon konsil franse ki tap travay an Ayiti. Titid te di pwen fè pa pou mesye sa yo ki te responsab tou malè demisyon li kom Prezidan. Se rezon sa ofisyèl peyi lafrans voye arete mwen Sendomeng e depote mwen. Mezanmi depi ke franse yo arete mwen, Titid ak Fanmi Lavalas ke mwen tap travay pou yo pran poz ke yo pa konnen mwen. Titid ak Fanmi Lavalas pa voye avoka pou mwen. Menm yon not pou laprès yo pa pibliye. Titid ak Fanmi Lavalas pran poz ke yo pa konnen mwen. Lajistis fransèz kondane mwen pou 25 lane nan prizon. Jodia mwen poukont mwen. Aristide ak Fanmi Lavalas ke mwen abitye tiye e kidnape pou yo pran poz ke yo pa konnen mwen. Mwen men’m Amaral Duclona mwen gen yon mesaj pou malere ak malerèz, yon mesaj pou jèn fanm ak jèn gason peyi dayiti. Tanpri malere yo, jèn fanm ak jèn gason kanpe lwen e pa kole ak Aristide ak Fanmi Lavalas. Moun sa yo se trèt, moun sa yo engwa, moun sa yo se volè, moun sa yo se kidnapè, moun sa yo se dwog dilè e dirijan Lavalas se konze ke yo ye. Apre eksperyans sa mwen kapab di ke fok ou pa gen valè e fok ou sanwont pou mamb Fanmi Lavalas. Mwen mande Bondye padone mwen de tout peche yo ke mwen fè e komèt e mwen mande viktim yo padon.

Share:

Author: `