Lafanmi Dyaspora Pare: wi pou Referandom! Wi pou yon Nouvo Konstitisyon!

Avril 12, 2021
Dyaspora pa vle di gaga, jan anpil denatire panse l. Jiska dat, l ap mande ki wout taks sou transfé fé. Jiska dat, lap rele chalbari déyé chabrak kap fé dappiyank sou kay ak té lafanmi. Lajistis avég, lajistis soud. Pou sa chanje, fré ak sé nan Dyaspora pral potekole ak lafanmi lakay. Pa gen bak.Nouvo Konstitisyon an dekrete Ayisyen lotbodlo gen dwa pou vote. Ayisyen lotbodlo gen dwa pou yo kandida. Sa pa gen lot non: chanjman,revolisyon trankil.
Ayiti pral chanje. Ayiti sou chimen chanjman total-kapital. Sa fé lontan, prejije, eksplwatasyon,  esklizyon, ap divize Ayisyen, mete youn anfas lot. Nouvo Konstitisyon an di:  ase, ase! Yon sél Pép, yon sél nasyon,  ansanm, nap chanje sa. Men, nap konprann sa pa fé anpil politisyen dokale plezi.  Se nan chodyé divizyon yo manje. Nég anwo, nég anba, Nég wouj, nég nwa, nég lavil, nég andeyo,  nég rich, nég pov, nég isit, nég dyaspora, se konsa sistém nan monte, se konsa nap mize sou chimen lamizé.  Se konsa jenn fanm tankou jenn gason prese ale chéche lavi miyo lotbodlo, aloske peyi Dayiti plen opotinite.
Sa dwe fini. Vote Nouvo Konstitisyon an egal reyalize inite ak rekonsilyasyon nasyonal. Deviz nou, se linyon fé Lafos. Lafos pou kreye travay, konstwi lekol ak lopital. Lafos pou tabli lapé,mete baz pou yon demokrasi dirab, kote tout Ayisyen ap bay lamen pou chanje kondisyon lavi.
Dwa vot, dwa kandida pou dyaspora, se zam nouvo Konstitisyon an mete nan men tout Ayisyen pou siyonnen peyia, apiye jefo pou tabli sekirite, devlopman agrikol,  endistriyél,teknik ak teknolojik. Ki vle di: asire bonjan kondisyon pou yon Demokrasi de pwogré.
Linite pou estabilite ak solidarite nap chéche pou refonde Ayiti, mete kanpe yon Gouvénans san paspouki, se sa nouvo Konstitisyon an pote. Di wi a referandum, wi a nouvo Konstitisyon an, se mete fos dyaspora ak fos tout pitit peyia pou kwape chirepit, eksplwatasyon ak divizyon.
Pa gen bak. Linyon fé lafos. Lafos linyon pou chanje kondisyon lavi, mete Ayiti sou ray devlopman ak bonjan gouvénans.  
Adelina Dayiti
Share:

Author: `