N ap kontinye remèsye tout vizitè ekspozisyon “Je me souviens” !

Yon gwo kout chapo pou de milye vizitè ekspozisyon “Je me souviens” resevwa deja devan Palè Nasyonal soti mèkredi 7 fevriye pou rive samdi 10 Fevriye. Nou apresye anpil ekspresyon lakontantman tout vizitè ki pase yo! Nou konstate anpil nan yo mache ak plim ak kanè nòt yo pou pran nòt. Sa ban nou satisfaksyon jan piblik la te swaf yon ekspozisyon konsa…

N ap envite tout manm laprès ak tout lòt kategori sosyal anndan zòn metwopolitèn lan ki poko pase, pou yo vin dekouvri anpil nan ansyen konpozitè yo koumanse bliye.

Ekspozisyon “Je me souviens” ap rete afiche jouk nan dat 28 fevrier pou pèmèt plis moun ka pwofite de zouti memwa ak zouti edikatif sa a…


Share:

Author: `