Refleksyon sou 6 mwa TPS ak pri gaz la — 2 dosye ki reprezante yon veritab enpas ke nou menm aysyen dwe konprann ak bonjan lojik.- (Teks Cyrus Sibert)

Mezanmi avan nou bat je, 6 mwa ap rive. Koze renouvle TPS pou 6 mwa epi mete moun yo nan kè sote-a se demagoji. Revandikasyon an sipoze regilarize papye moun TPS yo ki deja ap viv ozetazini, fè pitit nan peyi-a, gen byen, zanmi ak relasyon nan peyi-a.

Aysyen pa reprezante yon menas pou sekirite Etazini. Nou se yon pèp dosil, yon bann moun pezib kap goumen ak lavi, travay di pou peye bill epi asire ledikasyon timoun nou. Si nou ka konprann prezidan Trump depote ayisyen ki al fè krim nan peyi etazini, pagen rezon pou nou pè reklame regilarizasyon estati aysyen yo ki nan TPS. Diminisyon kantite imigran Etazini ap aksepte nan yon seri lòt peyi akòz menas teroris, jistifye regilarizasyon aysyen yo, demare pye yo pou yo fè vi ozetazini san kè sote.

Nou dwe fè konprann ke konsekans tranbleman tè a sou ekonomi peyi nou grav anpi. Sepa yon pwoblèm kap rezoud fasil. Paske peyi nou te viktim anbago Clinton/Lavalas, kolera Minustah, enstabilite politik san rete, san konte katastwòf inondasyon chak 2 mwa ak siklòn chak ane, rekonstriksyon difisil.

Si nou paka pouse revandikasyon sa, nou dwe prepare nou pou nou resevwa plis pase 55 mil moun an Ayiti. Paske tanporè se pou yon ti bout tan. Depi yo kite nou sou tanporè, se jistifye yap jistifye depòtasyon moun nou yo. Prezidan Trump ka pran yon dekrè pou regilarize aysyen yo epi bay prèv ke sepa imigran li pa vle wè men se kriminèl ak teroris.

B- Gaz

Sou zafè gaz la, chita plenyen sou pri gaz ki monte pa yon solisyon. Ayiti pa fè gaz; epi tou yon leta pòv ki gen anpil dèt andedan peyi-a tankou anplwaye ki poko touche nan yon kontèks entènasyonal kote gwo peyi yo gen pwoblèm, ap dininye èd yo epi di chak koukou klere pou zye’w, gaz la t’ap toujou monte. Deba-a dwe chita sou “kisa leta ap fè ak lajan tax li pran sou pèp la?” Koman yo jere kòb leta? Epi tou, ki estrateji leta ka mete an plas pou modènize transpò piblik la yon fason pou redwi presyon gaz la sou transpò moun ak machandiz.

Sou pwen sa, nap mande : Kisa ki anpeche yo devlope transpò machandiz pa lanmè pou diminye kantite kamyon kap pote machandiz nan pwovens? Ekip Laurent Lamothe la tap travay sou yon pwojè tren; Ki vle di remete ray ki te egziste nan tan lontan nan peyi-a pou pèp la ka pran tren soti zòn “La Plaine” rive “Mariani” nan Kafou. Sa tap diminye kantite machin kap konsome gaz. Konpayi transpò tren sa tap anplwaye anpil jen gason kap pase mizè jodia nan Transpò piblik mal òganize.

Mwen panse menm lè mwen piblye lide tren sa san otorizasyon PM Lamothe, li pap gen problèm ak sa paske misye pa egoyis epi li gen yon pakèt lòt gwo lide ak pwojè pou peyi-a.

Solisyon se lè nou elimine sous pwoblèm yo:
1- Regilarize papye moun TPS yo pou fini ak koze sa;
2- Diminye enflyans gaz la sou transpò moun ak machandiz nan peyi-a, lè nap chache pi bon mwayen pou transpòte plis moun, plis machandiz ak mwens gaz.

Epi tou leta aysyen paka mete man tèt li se sèl sou gaz li ka ogmante resèt li. Se pliz biznis ki pou gen, plis travay, plis travayè pou leta ka jwenn lajan lòt kote tankou taks sou benefis, taks sou travay… elatriye.

Cyrus Sibert, Okap, Ayiti
23 me 2017
reseaucitadelle@yahoo.fr
Twitter: @reseaucitadelle
Whatsapp: 509-3686-9669

Share:

Author: `