NOUVELLISTE LEVE DRAPO KOULÉ L!

child

25 – 6- 2018

Yon tifi nwa. Nwa tankou pép ayisien an. Tankou prezidan repiblik nwa repiblik D-Ayiti.

children hope 4

Yon tifi nwa. Nwa kou lamizé kap toupizi majorite pitit peyia.

Timoun renmen chante, renmen danse. Men yo konn gen dlo nan je tou. Tankou tout timoun Bondye kreye.Men, ti Lezanj, pitit Pép nwa Majorite Nasyonal nwa peyia, yo gen yon fason pou yo ri, pou yo vire ren yo, make pa, kare zepol, ki montre aklé té D-Ayiti se té Pép vanyan, Pép konbatan ki gen tradisyon rezistans kont malfekté, soudevlopé ki kanpe ankwa sou chimen pwogré.

IMG_256

Pwopriyeté, direkté, asosye Jounal Nouvelliste, se manb lafanmi Klan malfekté ak soudevlopé depi dikdantan.Jodia anko, yo montre sa yo ye,sa yo konn fé. Paske yon tifi, yon ti lezanj nwa tonbe danse, simen pa, vire ren, pou bliye mizé ak lapenn, paske yon foul, yon piblik koulé nwa tankou ti lézanj la, tonbe chante avé l, bat bravo pou li. Paske Prezidan repiblik la fé ti lézanj nwa a kado yon bél ti machin, Klan Jounal Nouvelliste la rele anmwe,yo fache,yo voye toya sou Prezidan repiblik la. Kom kwa li imoral pou bay yon ti lézanj nwa kado yon machin!

Ala mizé pou koulé nwa nan repiblik nwa D-Ayiti!Sitou, lé dirijan nwa trayi pép yo, lé yo kite malfekté ak soudevlopé fé dappiyanp sou kés Leta!

Ku Klux Klan 1946

Klan Jounal Nouvelliste leve drapo koulé l. Nouvelliste mande pou yo fé l eskiz, pou yo mande l padon. Bondye-La Sent Vyéj! Tét mesye yo pati!Koman, Moralis Nouvelliste yo,  gen lé yo avég! Trese riban, maryaj gouyad, danse-kole, nan Kanaval, nan salon lamitye ak relasyon soudevlopé, koman yo rele sa?

Pou ki rezon klan Nouvelliste leve kanpe,lage pését manti kont Gouvénman an? Pou ki rezon klan Nouvelliste ap derespekte yon ti lézanj, pale l mal? Pou ki rezon Klan Nouvelliste deklanche kanpay kalomni saa kont Prezidan pép la vote?

Klan Nouvelliste pa gen konviksyon, ki vle di, li pa gen ideoloji. Li pa gen sa ditou! Se lajan, se chantaj ki ideoloji klan Nouvelliste. Klan Nouvelliste gen koulé, men lajan li machande pa gen koulé!

Éske gouvénman an dwe Nouvelliste lajan?

IMG_256

Sizoka se ka, fok lajan peye. Zafé kontrent bidjeté pa zafé klan Nouvelliste. Lé yon Klan gen 150 lane pase, lap rale bras nan Naje pou Soti, li pa jwe. Abitid se vis! Lé yon klan fé richés li sou do Leta, lé yon Klan fé dappiyanp sou byen Pép la san li pa peye yon adoken,pa espere l ap chanje més!

Yon lot fwa anko, Klan Nouvelliste leve drapo koulé l. Mizé Ti Lézanj nwa a pa ase. Kijan Tifia ka ap chante, danse, nan yon peyi kote malfekté ak soudevlopé kidnape dwa manman l ak papa l pou byen viv!

mom and baby

Klan Nouvelliste leve drapo koulé l. Taks po, kontra elektrisite,

potentates of power

konstwi wout, bati site nan komin, nan abitasyon,kontwol dwann, kontwol pos fwontyé, tou sa se byen prive, byen paran, ayél ak bizayél Klan Nouvelliste kite pou li Ak fanmi l. Ki dwa Gouvénman an pou li mele nan bagay konsa? Komkwa, Ayiti se yon peyi? Ayiti, se pa yon kote ou pase, ou pa rete? Yon moso té, kote maten, midi, swa, swe travayé majorite nwa ap ponpe pou anrichi soudevlopé?

images business

Tifia mét trese riban gouyad, taye banda jan li vle, menn lé grangou plati vant li kou féy papye, tifia pa fouti monte nan nivo endesans, nan woté malfezans yon Klan, ekspé nan detwi ekonomi ak lavi yon Pép.

IMG_256

Klan Nouvelliste leve drapo koulé l. Jan li konn fé l lé lap resevwa kado ekipman-prés nan men diktati divalyeris. Jan li konn louvri tiwa pou resevwa sibvansyon pa mwa nan men zotobre Papa Dok ak Bebe Dok. Mennjan lé l ap negosye kontra, lisans Bank ak dirijan milité, alos li pran poz lap defann libéte ak moralite Laprés!

imagescc

Klan Nouvelliste leve drapo koulé l. Jés saa montre, pi gwo pwoblém peyi Dayiti, se pa sélman apeti san limit klan Soudevlopé, men se lodas kriminél yo. Pou klan Nouvelliste twouve ap pale de moralite, de etik? Vyéj mirak, pwoteje Pép la! Luckner Cambronne pati, men Jean-Marie Chanoine byen vivan.Henry Namphy malad,men Prosper Avril byen gaya.Lesly Delatour ale, men Aristide, Leslie Voltaire sou de pye milité yo. Sa pou nou di anplis sinon sak ak valiz negosye, machande, tout gen menn koulé. Menn koulé ak tifi nwa ki tap danse, vire ren l pou li bliye mizé l, sou channmas, plas ewo lendepandans!

Danse, pitit Pép la! Delivrans lan pa lwen. Demokrasi gen yon sél koulé: se respé dwa ak devwa.

image05

Share:

Author: `