MAP DI

C:\Users\Admin\Downloads\IMG-20180201-WA0005.jpg

Li Jou 48

Fevrier 1 2018

Lè nap tande koze ansyen Prezidan Mateli lage nan mikro estasyon SCOOP, nou pa manke pa chonje ti refren KOUPE KLOURE a: MAP DI!

Moun ki te bliye Prezidan Mateli se bos SWEET MICKY, enben yo jwenn! Pawol vide. Koze pran lari. Larivyè desann.

Se yon pwosè sosyete a, an bon e difom, ansyen Prezidan Mateli fè. Ypokrit,  Petwokaribe, mars-isi, politisyen, chenmanjechen, volè tè…, tout pase. Tout mouye.

Kanaval, se yon sezon ki toujou cho. Lane saa, li pi cho. Nan LI JOU, nap di: nou swete ti machann, ti Pèp kap degaje, dekouvri Sen Pyè ou Sen Pol, jwenn, mete plis lajan nan poch, plis dola nan sak kolèt.

Antann pou n antann! Se yon lot refren KOUPE KLOURE. Nap di, wap di, map di, lap di, men pa bliye Ayiti!

PAWOL LA PALE! PAWOL LA PALE! PAWOL LA PALE!

Wout Bòlòs la Louvri a Sikilasyon

Prezidan Repiblik la, Ekselans Jovenel Moïse, ki te gen ak li Premye Minis lan Dr Jack Guy Lafontan, Minis Travo Piblik, Transpò, Kominikasyon an Enjenyè Fritz Caillot ak Delege  depatmantal Lwès la, Joseph Pierre Richard Duplan, louvri wout Bòlòs la a sikilasyon, lendi 29 janvye 2018 la, byen ta nan aswè.

Wout sa ki te reprezante yon danje, ni pou sikilasyon, ni pou sante moun kap frekante l yo, te nan yon eta deplorab, avan Ekselans Jovenel Moïse te rive sou pouvwa a.

Kokenn chenn travay pou mete beton epi bay dlo a espas poul pase sa, pral amelyore trajè Pòtoprens / Kafou a; fasilite sikilasyon moun ak byen epi pèmèt moun kap mennen aktivite nan zòn sila , sa ki pral lekòl oubyen nan travay sispann mache nan dlo sal ak labou.

A travè jès sa Prezidan Jovenel Moïse montre aklè volonte l genyen pou pèmèt chak grenn Ayisyen viv epi fonksyone nan yon espas ki respekte dinite l kòm moun.

An atandan Karavàn Chanjman an rive nan tout peyi a 7 fevriye kap vini la, Chèf Leta a ap travay lajounen kou lannwit, pou chanje kondisyon lavi konpatriyòt li yo, nan chak aksyon lap poze.

PAWOL LA PALE! PAWOL LA PALE! PAWOL LA PALE!

Le Président de la République accueille chaleureusement les Grenadières de la sélection U20, au lendemain de leur qualification au mondial d’août 2018, en France

Le Président de la République, Son Excellence Monsieur Jovenel Moïse, accompagné du Premier ministre, le docteur Jack Guy Lafontant, s’est rendu ce lundi 30 janvier 2018 à l’aéroport international Toussaint Louverture pour accueillir la délégation haïtienne ainsi que les joueuses de la sélection féminine de football des moins de 20 ans (U20), au lendemain de leur qualification au mondial des U20 en août prochain, en France.

Le Chef de l’Etat a voulu, au nom de tous les Haïtien(ne)s fiers de cet exploit des jeunes Grenadières qui, une fois de plus, ont fait flotter le bicolore national en terre étrangère. Avec cette qualification, Haïti fera sa première apparition à ce grand championnat mondial féminin des moins de 20 ans et sa troisième participation à une Coupe du monde de football (1974, 2007, 2018).

“L’espoir de ce pays réside dans la jeunesse”, a affirmé sur place le Chef de l’Etat qui n’a pas caché sa grande satisfaction pour cette victoire bien méritée  (1-0) aux dépens de l’équipe canadienne dimanche dernier.

“Ces jeunes ont besoin de nous, des aînés, pour avancer. Je viens donc accueillir nos jeunes héros féminins qui viennent de faire valoir leurs talents ainsi que la fierté d’Haïti devant le monde”, a poursuivi le Président Jovenel Moïse qui a donné la garantie que, tout au long de son quinquennat, il s’engagera à tous les niveaux, éducatif, social, psychologique, économique, en vue de faciliter l’épanouissement et le développement de ces jeunes, pour que demain elles puissent se remémorer, dans la dignité, d’avoir rendu de grands services à leur pays.

IMG_256

Share:

Author: `