Kote Lovinsky Pierre Antoine?-Added COMMENTARY By Haitian-Truth

Lovinsky Pierre Antoine ...

12 Out 2007-12 Out 2011, sa fè 4 lane depi Lovinsky Pierre Antoine disparèt. Lendi 8 out 2011 lan, kòdonatè nasyonal Fondasyon Trant Septanm nan, Wilson Mesilien te konvoke yon konferans pou laprès nan okazyon 4triyèm anivèsè disparisyon sa a, pou te enfòme piblik la e mande otorite yo nan peyi a plis esplikasyon sou disparisyon Lovinsky. Daprè Wilson, 4 lane aprè disparisyon kanmarad la, dosye a toujou ap trennen nan kabinè denstriksyon nan men jij Chavannes Etienne, ki fè konnen li toujou ap chache endis yo. 3 moun lapolis te arete nan kad dosye sa a toujou fèmen nan Penitansye nasyonal.

Daprè lalwa, jij denstriksyon an genyen 2 mwa pou l renmèt dosye a bay Komisè gouvènman an, e ant jij denstriksyon an ak Komisè gouvènman an yo gen 3 mwa pou yo rann òdonans yo epi voye dosye a devan jij natirèl. Prensip sa yo pa respekte nan kad dosye disparisyon Lovinsky Pierre Antoine nan. Se nan sans sa a, Wilson Mesilien ap mande otorite yo, kisa y ap fè ak disparisyon Lovinsky Pierre Antoine ? « E otorite nan Leta yo, kote Lovinsky Pierre Antoine ?

Jodi a Fondasyon Trant Septanm chita pale avèk laprès sou dosye kòdonatè nasyonal li, Lovinsky Pierre Antoine ki te toujou ap defann viktim yo e pou n di pèp la kijan dosye a ye, batay kont enpinite ki se yon kansè pou peyi Dayiti. 12 Out 2007 gwo gason vanyan sa viktim yon anlèvman politik, sou rejim Preval/Aleksi a ki te toujou ap bay enpinite a jarèt.

Depi 4 lane otorite yo ap fè laviwonndede, jodi a n ap di yo “ou menm otorite Leta, ou gen yon gwo responsabilite pou w di ki kote Lovinsky ye, kisa ki te rive li jou 12 out 2007 la ?”

Otorite nan Lapolis la kisa ou fè ak ankèt ou di ou t ap mennen sou dosye a ? Otorite nan Lajistis n ap mande w eske ou se sèl moun ki nan aparèy jistis la ki gen dwa viv ? Otorite nan Palman yo, eske se senatè ak depite ki gen dwa viv e ki merite jistis? Otorite ou menm ki prezidan n ap mande w eske se ou menm ak fanmi w manm kabinè w ki merite viv e jwenn lajistis.

Si tout moun gen dwa pou viv, di yon mo nan dosye Lovinsky Pierre Antoine nan, jis pou otorite yo sispann dirije sou san sitwayen onèt nan peyi a. Se nan sans sa a n ap raple pou tout sitwayen konsekan ki kwè nan lavi, tout sila yo ki kont enpinite, vyòl, vòl, kòripsyon ak kidnapin. Pote kole avèk Fondasyon Trant Septanm nan 2 jounen aktivite l ap òganize 11 ak 12 Out 2011 lan pou fòse otorite yo di ki kote yo mete Lovinsky.

1- Operasyon kole foto Lovinsky Pierre Antoine devan pakè Pòtoprens jedi 11 Out.

2- Mach pasifik jou vandredi 12 Out la k ap fè 4 lane jou pou jou depi rejim Rene Preval la te kidnape Lovisky Pierre Antoine. Pou mach la n ap rasanble, n ap li yon mesaj sou plas viktim yo, epi n ap vini devan palè a pou n li yon lòt mesaj, renmèt prezidan Repiblik la, Michel Joseph Martelly yon lèt tou louvri sou dosye Lovinsky a.

Fondasyon Trant Septanm konte sou prezans tout òganizasyon nan sosyete sivil la ak tout sitwayen ki kont kidnapin ak tout krim k ap fèt nan sosyete .
>————————————————————————————————

COMMENT: HAITIAN-TRUTH.ORG

Why do these people carry on with the game of looking for someone they know is dead and has been dead since the moment he disappeared after making a challenge for control of Lavalas?

He disappeared on October 12, 2007.

His body was discovered by Brazilians near Fort Jacques the following February. Local peasants had reported a bad smell and investigation discovered the body.

End of story, except for the fact that it is better to keep him alive and play mind games with the public.

Share:

Author: `