KERLENS TILUS,REMÉT ROUZIER LAJAN L!

IMG_256IMG_256

IMG_256

De  atik ou pibliye sou rezo sosyo yo nan mwa septanm montre entéré, volim konesans ou, e menm doz lanmou ou pou Ayiti. Men tou sa ale nan dlo lavalas dénye atik ou voye monte semenn sa,pou fé konprann pwoblém Ayiti jodia,se yon kesyon koulé. Ki vle di, nan lespri pa w, yon batay ant Arab ak milat. Ou menn vle fé konprann Prézidan Jovenel Moyse ta mete l kote Arab kont Milat.

Ou kwé ou byen nan tét ou?Gé sivil Rigaud-Toussaint,jounen represyon 23 Avril Soulouque, lagé Bazelais Salomon,Kacho lanmo Fo Dimanch ak Vép Jeremi sou Papa Dok, mwen pa kwé se sa ou vle resisite ?

IMG_256

THE ENEMY: Sogenor – Haytrac – E-Power

Genlé sa Hitler fé, kadav Jwif, Arab, Alman, Franse, Poloné, sanble yo pa ase pou ou.Ou ta renmen wé san koule an Ayiti, tan pou kontra Machann Blakawout yo renegosye. Ou pa gen okenn pwoblém lé ti pép la nan fé nwa,pitit li pa gen limyé pou li ak etidye.Sa pa deranje w lé milyon taks pép la peye al gonfle kés Machann Blakawout, ni kreye kondisyon pou delenkans ak kidnapeng?

Non,sa pa deranje w!

Ou gen Kay, ou gen sekirite ou etidye Ozetazini,menm lé wap pale peyi blan meriken mal.

IMG_256IMG_256

Tilus with philosophical allies!

Mon ché Tilus,  remét Rouzier ak Komandé Blakawout yo lajan yo! Sispann bay manti. Sispann sévi ak listwa pou tiye lavni!  Zafé radot, Divalye te ajan Ameriken, Arab « en mission commandée » en Ayiti, pa ka sévi dra pou kouvri kontra malonét  Gouvéné Blakawout gen nan poch yo.

Koman, ou pa wont ekri : « Quand Jovenel Moise demande à Daniel Gérard Rouzier et à Vorbes de renégocier leur contrat énergétique, c’est pour favoriser la rentrée des Arabes sur le marché énergétique. »

Ou pa wont? Ou menn ajoute, Arab yo ap fé mannév pou fé dappiyanp sou sekté banké a. Men,kote ou mete ti malere kap soufri yo, kap batay pou lepen kotidyen.Ou pa kwé lé a rive pou kondisyon lavi yo chanje?

Kilés ki te mét ladwann pandan plis pase 200 lane jis jodi? Kilés ki te pwofité sistém apated, ki te separe peyia an de,Nég lavil ak Nég lan mon?

Sistém Peze-Souse a,jan ou rele l, ou konnen byen kiyés, ki kategori sosyal ki te abo l. Yo pa gen lot non.Yo se malfekté, Komandé Lamizé, ki pa vle Demokrasi vanse pou chanje kondisyon lavi Pép la.

Moun sa yo, Prezidan Jovenel Moise deranje yo. Men, vle pa vle, fok sa chanje!

Kerlens Tilus, rale ko w nan jwét koken Komandé Blakawout yo! Remét Rouzier lajan l!

IMG_256

Si jamé Power Blakawout yo pa ba ou lajan,si se oumenm ki wé pwoblém Ayiti nan linét kesyon koulé, jan ou ekril la,ou mét prese ale konsilte yon sikyat anvan li two ta. Peyia sou wout chanjman. Karavan nan pap kanpe nan wout!

Jean Simon Diogéne

IMG_256

Share:

Author: `