Jwèt la paka kontinye

Aout 24, 2021
An verite jwèt la paka kontinye. Nou vle pale de konpòtman ireskonsab ki mennen peyi Dayiti pandan de syèk nan yon sitiyasyon enstabilite ak lamizè kwonik. Si dirije se prevwa, ale devan pwoblèm yo pou jwenn solisyon, nou pa bezwen ezite pou nou mande kilè nap pran desizyon responsab pou chanje lavi pèp la. Sa paka kontinye fòk sa chanje.
Tranblemann tè 14 dawout, Siklòn Grace pase, yo detwi lavi, yo detwi byen. Jeremi, la Grandans an dèy menm jan avèk lwès an 2010, kote 300 mil abitan pèdi lavi, plis pase yon milyon kay kraze. Katastwòf aprè katastwòf, nou pa jwenn tras mezi ki te pran pou pwoteje lavi ak byen, kan nou konnen Ayiti se yon peyi a risk, yon peyi ki gen menas natirèl, siklòn ak goudougoudou.
Se vre lasyans pa kapab prevwa ki jou, ki dat latè ap tranble, siklòn ap vante. Men gen preparasyon ki dwe fèt, e ki fèt nan anpil peyi, pou lè katastwòf sa yo rive, gen mwens dega, gen mwens blese, gen mwens lanmò. Li lè pou nou fini avèk konpòtman ireskonsab nou genyen nan gouvènans peyi a. Li lè pou nou sispann jwe avèk lavi konpatriyòt nou. Nan sans sa, demokrasi nou adopte kòm sistèm gouvènans dwe gen pou misyon, tabli enstitisyon sosyal ak politik reskonsab, pwoteje e sèvi lavi pèp ayisyen. 
An konsekans, lè a rive pou nou chanje konpòtman, pou nou chita ansanm, konsidere pwoblèm nou, mete a kote sa ki divize nou pou, anfen mete Ayiti sou wout kwasans sekirite ak devlopman.
Adelina Dayiti
Share:

Author: `