Discours de S.E.M Michel Joseph Martelly à l’occasion du 210 ème anniversaire de la Bataille de Vertières

November 18, 2013 at 11:44pm
Jodi a fè 210 zan, joupou jou, depi zansèt nou yo, te genyen yon kokenn chenn Batay : BatayVètyè.
Batay Vètyè ki ta pralchavire listwa, ki ta pral refè listwa, ki ta pral enspire listwa,e  ki ta pral kanpe pèp ayisyen pami gran pèp .
La bataille qui allait donner au mot « LIBERTE » sa vraie signification !
Lipat batay sòlda yo sèlman, batay gason vanyan, li te batay toutyon pèp.
Li te doulè  toutyon pèp! fanm kou gason, granmoun kou timoun.
Nèg wouj, nèg nwa, nèganwo nèg anba, ti nèg, gwo nèg, nèg mawon, esklav.
Tout nèg te grenadye,tout nèg te alaso e ansamb yo tap rele «  sa ki mouri zafè a yo, Libèté oulanmò ».
Pat gen manman, pat genpapa, tout nèg te alaso.  Tout nèg te Alaso pou yon grenn rèv, yon grennobjektif : Viv lib ou byen mouri –
210 zan de sa, jou poujou 18 novanm 1803, zansèt nou pran Vètyè.  Dènye batay sa pat fasil, menyo te deside fòk yo pran Vètyè wè pa wè,  anba boulèt, anba kout zam, anenpòt ki pri fòk yo te pran Vètyè.
Pat gen manman, pat genpapa, sa ki mouri zafè a yo, men wè pa wè fòk yo te pran Vètyè.  E se tevolonte tout yon pèp !!!  Yon pèp ki te makònen youn ak lòt pou yonmenm kòz : Libète ou lanmò.
Batay sa-a se youn nan pi gwo moman nan istwa nou pase, lame endijènsa ke zansèt  nou te fòme, tap goumen ak pi gwo lame nan mond lan, yo tapgoumen ak lame Napoleon, lame ki te konn goumen, lame ki te gen zam, lame ki tekonn zam, lame ki te pare, lame ki te antrene. Men zansèt nou yo te desidegoumen jouk li jou, jouk lame Napoleon an kaba . E jou sa a lame Napoleonan tonbe.
Li tonbe paske ti nèg te deside mete tèt ansanm ak gwo nèg, li tonbepaske pitit Dessalines te deside mete tèt ansanm ak pitit Petion, li tonbepaske moun anwo te mete tèt ansanm ak moun anba, li tonbe paske milat avèk nègte menm bagay jou sa pou yo te konbat grenn lènmi ke yo te genyen an e lenmi antonbe !
Lènmi an tonbe paske zansèt nou yo te dakò sakrifye vi yo, yo techwazi tonbe pou pitit yo ka viv lib e libè ; yo te pare pou peye nenpòt kipri, yo te dakò pou yo mouri pou yo libere, pou yo ka kreye yon leta, pou nouvinn yon peyi, pou nou vinn yon nasyon !
Men viktwa sa pa tap posib si zansèt nou yo pat gen yon rèv. Rèvsa fè yo mete tout divizyon, tout diferans sou kote, li fè yo mete tèt ansanm,pou yo reyini fòs yo, pou yo kole zepòl yo , pou yo fè yon sèl pou yokilbite lènmi.   E jou 18 novanm 1803 sa a, lènmi an te tonbevre ! Lènmi an tonbe gras ak kole zepòl la, lènmi an tonbe anba tèt ansanmlan.
Lènmi ki te rele kolon an, lènmi sa a tonbe ! Lènmi ki te relelesklavaj la, lènmi sa a tonbe ! Lènmi ki te rele depandans lan, lènmi satonbe ! Lènmi ki te rele eksplwatasyon an, lènmi sa tonbe ! Lènmi kite rele kraze zo zansèt nou yo, lènmi sa tou, li tonbe !
Men jodi a, aprè 210 zan endependans, nou menm eritye travay kolosalsa zansèt nou yo fè a, kisa nou deside fè avèk li , kijan nap kontinye travaysa a,si nou refize mete nou dakò, si nou refize dyaloge, si nou refize mete tètnou ansanm pou nou mete sou pye yon sosyete omojèn, yon sosyete kote gen menmedikasyon kap blayi pou pitit soyèt kou pitit gran nèg, kote enfrastrikti apkonstwi toupatou, kote pwodiksyon nasyonal la ap pran pye, kote tout moun gendwa a la vi, kote gen yon leta de dwa, kote tout moun gen aksè a swen sante,aksè a la jistis, kote tout moun gen opòtinite pou yo pa fè tout vi yo nanmizè. Chanjman pou tout pitit peyi dayiti, wi, tout pitit san wete nimete !
Nou paka nan destriksyon ant pitit menm kay, pitit menm lakou, pititmenm peyi, pitit menm san;
E si mwen ta mande nou poukisa e kont kisa nap goumen ?
Eske nap goumen kont lekòl gratis la ?
Ou byen se transpò gratis la ki pwoblèm nan ?
Se wout anlè a kap fè moun pè ?
Ou byen ti manman cheri a kap ateri ?
Moun anba tant yo, yo te dwe rete an atant ?
Relans pwodiksyon agrikòl la nou pa dakò’l ?
Etidyan yo pat dwe jwenn yon asistans ?
Nap pwofite rann yon omaj ak tout zansèt nou yo, ak tout sòlda lameendijèn nan, lame Dessalines nan, lame ki te ban nou endepandans nou, lame kite fè fyète nou, lame ki te fè lemonn antye rekonèt nou, lame ki te fè yorespekte nou, lame ki te veye fontyè nou, lame ki te garanti sekirite aksouverènte nou,  lame zansèt nou te kite pou nou an, lame nou kraze sa fè19 zan
E nan moman konfizyon sa nan listwa nou, twouve se lame etranjè ke nourele vinn asire sekirite nou, konfizyon poukisa, nou pa konnen . Ki pwoblèm nougenyen youn ak lòt, ki pwoblèm ki fè tout sektè divize, ki pwoblèm ki fè nou pajanm ka respekte yon pouvwa ke pèp la bay manda ! Kisa ki fè nou paka tanneleksyon pou nou pran pouvwa ?
Papa Dessalines, Christophe, Capois, Petion, Toussaint ta remourijodia pou yo ta wè se fòs etranje ki sou tè dayiti pou asire sekiritenou!  210 zan aprè gwo batay sa yo te genyen an, 210 zan aprè pitit pèp late mouri!  210 zan aprè, kote nou ?
Yo te fèn konpram ke lame a te kraze paske li tap bay koudeta, paskeli pat respekte pouvwa sivil, paske li pat respekte konstitisyon.  Epoutan jodi a, aprè yo finn kraze lame a, kou deta ap kontinye pi rèd ,destabilizasyon ap kontinye, e gen moun, gen yon pakèt fo demokrat kap prechevyolans, kap mande pou koupe tèt boule kay, kap pale de deboulonnay. Kidonk, eske se enstitisyon yo rele lame a ki te vrè pwoblèmnan oswa mantalite tèt chaje nou ki vrè pwoblèm peyi a?
Map mande pèp ayisyen pran yon ti rekil, fè yon ti bak, yon ti tan poureflechi sou istwa nou, fòk nou chanje mantalite sa’a, fòk nou gen plistolerans youn ak lòt, fòk nou aprann fè dyalog, fòk nou konprann se sèl tètansanm ki pou pèmèt peyi dayiti chanje tout bon vre ! Sèl tèt ansanm, tètansanm sèlman !
Deboulonnay jodi egal deboulonnay demen, egal enstabilite pi rèd, krazebrize pi rèd !
Fòk nou pa janm bliye, si pat gen tèt ansanm pa tap gen Vètyè !
Fòk nou pa janm bliye, si pat gen tèt ansanm pa tap gen letaDayiti !
Fòk nou pa janm bliye, se nan tèt ansanm pou nou konstwi nasyonan !
Nan lòt peyi yo respekte tout bagay, yo pa renye istwa yo.
Prezidan vini, prezidan ale, yo pa kraze brize. Yo chache konprann sak’ pase, yo fè dokimantè, yo pwoteje byen yo, yo fè mize , yo fè kòb ak kayansyen prezidan, ak rad ansyen prezidan, ak machinn ansyen prezidan, ak diskouansyen prezidan.
Dokimantè sa yo pemèt konprann moman an pa rapò a sa k’ te la anvan, eyo pemèt ou planifye sa k’ pral pase aprè.
Pa kouri pou listwa’w, yon pèp grandi a pati eksperyans li fè,donk a pati de listwa li.
An nou konsantre enèji nou ak fòs nou nan konstwi, pa nan kraze brize,An nou idantifye vrè lènmi nou jodi a, an nou sispan voye monte. Pase nan peditan, grangou, chomaj, kolera, mizè, debwazman, kontrebann, koripsyon akvyolans ap mache sou nou.  E se yo menm ki rele sou devlopman an. Se yo kivre lènmi yon pèp.
Jodi a vrè batay la dwe pou pèmèt edikasyon gratis pou tout pitit peyia, sekirite nan tout rakwen peyi a, la jistis pou pitit pòv kou pitit gran nèg,pwodiksyon nasyonal pou bay peyizan travay e kaba grangou , kreye yon leta kapbay pitit li sèvis.
Wi nou gen konba ki pou mennen, nou gen batay  pou nou fè, Men sepa konba antre nou, se pa goumen antre nou,  fòk nou goumen kont tout saki kenbe nou nan sou devlopman, kont vye mantalite, kont vye lespri , soudevlopman :
GRENADIE A LASO ! ABA CHOMAJ
GRENADIE A LASO! ABA DECHOUKAY !
GRENADIE A LASO! ABA LA VI CHÈ
GRENADIE A LASO! ABA KONTREBANN
GRENADIE A LASO! ABA LA VYOLANS
GRENADIE A LASO! ABA INYORANS !
GRENADIE A LASO! ABA EKSKLIZYON SOSYAL !
GRENADIE A LASO! ABA TOUT PREJIJE !
GRENADIE A LASO! ABA ANACHI !
Jodi a ambisyon pèsonèl pa ka pase anvan enterè Ayiti.  Se enterèpeyi a pou nou mete devan.  Wi se Ayiti ki pou devan, devan devannèt !
Fòk nou sonje, nan chak grenn nan nou, nan chak grenn Ayisien gen sanzansèt nou kap koule. Ke li te pitit Dessalines, ke li te pitit Petion, ke lite nèg anwo, ke li te nèg anba, ke l’ te rich ke l’ te pòv, yon sèl nou ye, yonsèl peyi, yon sèl pèp, yon sèl nasyon !
Li lè li tan pou nou leve nan domi a, pou nou komanse reve, reve zyelouvri, pou nou konn sa nou vle, pou nou konn kote nou prale, pou zòt pa jwenntou pou antre nan mitan nou, poul vinn jwe avè nou , manipile nou, fè nou apkraze brize.
Kreyòl pale – kreyòl komprann.
210 ans après, je voudrais croire, je voudrais, en ravivant la flammedu souvenir, la flamme du Soldat Inconnu,  je voudrais vous dire, à vousnos Pères, que tant de larmes et tant de sang n’ont pas été en vain –
Haïti doit se relever, Haïti se relève déjà, Haïti se relèvera –
Aujourd’hui nos haines et divisions doivent cesser car le souvenir devotre sacrifice, vous, créateurs de cet Etat d’Ayiti, vous, fondateurs de la patrie, ce souvenir reste vivace.
Oui aujourd’hui sur cette terre, l’esprit revanchard doit disparaitre car le souvenir de votre geste héroïque nous inspire encore-
Et si aujourd’hui sur cette terre, toutes nations unies se retrouvent,ce n’est que pour un moment – C’est pour que demain, sans rien oublier et sansrien renier, Haïti relevée, s’assume mieux encore, et puisse souverainementbâtir sa destinée  tout en restant unie aux nations sœurs.
Vertières, tu continues d’inspirer au monde le respect dû à touthomme, quelle que soit sa race, sa religion, ses convictions –
Vertières, aujourd’hui, je m’incline, en devoir de mémoire pour nosPreux –
Vertières, aujourd’hui, je me souviens, pour que, Haïti unie, enfin serelève et renaisse –
Que le dialogue, la tolérance, l’entente, l’harmonie, l’amour de lapatrie soient nos guides pour que nous puissions être les dignes fils de nosancêtres et pour que nous puissions un jour dire, avec fierté et satisfaction, qu’ils n’avaient pas combattu en vain, qu’ils n’étaient pas morts pour rien.
Que la paix, l’ordre et la discipline règnent au pays ! Arrêtonsde détruire, il est temps, il est grand temps de construire ! Nos ancêtresnous ont légué un Etat, faisons en une nation !
Vive Haiti, Que Dieu nous bénisse
Ayibobo pou pèp Ayisyen

Le Respect est gagné, L’Honnêteté est appréciée, La Confiance est acquise & La Fidélité est retournée.

Share:

Author: `