DANTON LEGER AK TRAFIK TI MOUN

Kisa Danton LEGER ap fè nan Pakè Pòtoprens toujou jis pou li ap libere moun lapolis arete pou koze abi sksyèl sou timoun ak trafik moun? Prezidan Jovenel dwe konnen ke tout sa ki rive pandan li prezidan ap soti sou reskonsabilite’l. Sitou lè se pakè ki enplike. Komisyon Nasyonal pou lite kont Pedofil ak trafik moun denonse Pakè Pòtoprens ki libere 9 bandi ki tap abize 31 jenn ti fi peyi d’Ayiti nan zòn Kaliko Beach. Lapolis fè arestasyon sa apre yon ankèt 3 mwa sou rezo ki itilize video ak dwòg pou vyole timoun pitit ak eksplwate malerèz fanm san defans. Kote Senatè Zokiki, Senatè Cantave ak Senatèz fanm Dieudonne? Sa paka rete konsa!
Cyrus Sibert, Okap, Ayiti

17 mas 2017
reseaucitadelle@yahoo.fr
@reseaucitadelle

Share:

Author: `