A LETTER FROM J.H CEANT

Ekselans Msye Rene PREVAL

Prezidan Repiblik Dayiti

Palè Nasyonal

Ekselans,

Regwoupman politik Renmen Ayiti ansanm ak kandida li, Jean-Henry Céant, voye remèsiman ba ou pou dokiman ou te fè li onè voye ba li, jou ki te 20 sektanm 2010 la.

Dokiman sa yo itil anpil. Yo eklere nou anpil, nan Renmen Ayiti, sou yon seri pwoblèm serye ki make peyi a. Sepandan, pèmèt nou di ou, Ekselans, gen anpil lòt pwoblèm ki rete nan fè nwa. An patikilye pwoblèm ki konsène pwosesis elektoral la, respè konstitisyon an ak jesyon ekonomi ak lajan peyi a. Se poutèt sa, nou pwofite sikonstans sa a, pou mande yon dizon sou kesyon sa yo kap simen latroublay nan lespri sitwayen yo sou sitiyasyon peyi a:

  1. Ki sa ou menm, Prezidan Preval ak ekip konseye ou yo panse sou atitid KEP la ki aksepte, nan kous elektoral la, kandida ki pa resevwa dechaj pou jesyon yo nan tèt Leta a, jan Konstitisyon an mande li? Sa ou panse lè se KEP la ki anonse desizyon sa a nan yon kominike? Kòmkwa, yon komike KEP la pi fò pase manman lwa peyi a. Pa bliye selon atik 136 nan Konstitisyon a, ou se garanti enstitisyon yo.
  1. Ki lè ministè Finans ak ministè Planifikasyon ap bay nasyon an yon rapò, yon bon jan rapò, sou san-katreven disèt milyon dola lajan Petrokaribe a? Nasyon an ta renmen konnen ki sa ki fèt ak san-swasanntwa milyon dola ki dekese nan kad ijans la. Kilès konpayi ki sèvi ak lajan sa yo? Pou achte ki sa? Pou fè ki sa? Ki konpayi ayisyen, ki konpayi etranje ki resevwa lajan sa yo? Ki moun ki siyen avèk konpayi sa yo? Ki odit yo fè sou aksyon  konpayi sa yo?
  1. Nan etadijans la, konbyen kontra gouvènman an siyen avèk konpayi isit, ak sa ki lòt bò dlo?
  1. Nan plan rekonstriksyon bòdmè a ak anba lavil la, ki sa yo prevwa pou komèsan ak pwopriyetè yo ki pèdi byen yo? Bilding yap fè anba lavil la, pou kilès yap ye? Ki moun ki pral travay ladan yo? Eske se biwo leta sèlman? Eske ap gen sektè prive kap louvri biznis ladan yo? Ki sa yo prevwa pou moun ki pèdi tit yo? Eske yo fè yon chita pale avèk moun sa yo? Eske enterè yo ap respekte?
  1. Frè nou yo ki anba tant yo depi 8 mwa, ki bon plan ki fèt pou amelyore sitiyasyon yo? Ki sa ki fèt pou lè yo deplase yo, yo pèmèt yo jwenn tout sèvis de baz yo, nan nouvo kote yo ap mete yo?
  1. Ki plan ki fèt pou jwenn patisipasyon tout kouch sosyal yo, tout kategori pwofesyonèl yo nan efò rekonstriksyon peyi a ? Ki plan ki fèt pou resevwa patisipasyon tout moun ki te fè w konnen yo vle pote kole avè w aprè tranblemanntè a?
  1. Ki dispozisyon gouvènman an pran pou lapli kap tonbe, pou siklòn, ki menase pèp la.

Ekselans, kesyon sa yo enpòtan anpil. Li enpòtan pou popilasyon an jwenn repons. Manda ou ap fini; ou prale. Se youn nan kandida yo kap gen responsabilite pou dirije leta, epi  travay pou fè lavi miyò nan peyi Dayiti.

Nou sèten, Prezidans la pral mobilize tout sèvis li yo pou li bay repons sou tout kesyon nou sot poze la yo. Yo enpòtan pou nou, yo enpòtan pou pèp la, yo enpòtan pou peyi a ak gouvènman zanmi Ayiti yo.

Ekselans, demach sa a, se demach patriyotik yon regwoupman ak yon kandida ki kwè se nan tèt ansanm, nan lonètte, nan respè youn pou lòt ak nan respè lalwa nou ka jwenn solisyon pou pwoblèm peyi Dayiti. Ayiti vin anvan tout lòt bagay, li anlè tout enterè patikilye.  Nan lespri sa a nou mande w, Ekselans, pou resevwa salitasyon nou.

Mèt Jean-Henry Céant

Kandida ala prezidans

Regwoupman Renmen Ayiti
Port, Au, Prince, PAP, Haiti

Share:

Author: `

3 thoughts on “A LETTER FROM J.H CEANT

  1. me out of the game always shows interests for the nation. at the end all politians are the same call them Haitian or any nation.the evil is in beiing poiliticians.
    a living example.imagine u r from Haiti and u take a plane to caraca on saturday early morning. upon yourarrival, as u are passing by,u see plenty of people drunk in the street everywhere,some falling on the ground so drunk,other chatting and an other group dancing with music turnig the radio of their cars on.knowing that in Haiti things like this does not happen unless there were carnival days,you would start criticising.At the end, all u would be able to do is talk and trust me, none of what u could say would change a bit the venezuelan culture-
    Now Mr.xyz candidates are the savors,give them the power and u will see.
    stupids are those who believe in politicians or vote for them.However,how can we generate fuitfull transition on governments regime? men establish scrutins to do so, that compel us as citizens and make it a citizen right.to beleive that the fact u oppose this regime make u the one who is going to bring some change for good,my dear firend, have a big look around.the whole system is the same,how many people would u fire to acehive your goal if there is a dop of true in what u r saying?I never vote and i never do so due my crede

    1. JEAN- Are you suggesting that we are stupid for voting? You are an ass. Go away. Why don’t you just give up on everything else, and rot in your own negativity. Your cynicism will do nothing to help improve the quality of life. You have no courage, and are shameful to Haiti

  2. I never said you should not vote.i said i never vote due to my crede.read it again.and I do not beleive in am to change a system if transition is to be called it,than let it be.Negative,noway realistic.

Comments are closed.