Note for the PRESS

Pòtoprens, 6 novanm 2010

NòT POU LA PRÈS

Kandidat pou  pòs  prezidan sou Platfòm RENMEN AYITI-a Me. Jean Henry CÉANT koubel  byen ba  pou  salye mounn nan : Sud, Grande –Anse, Nippes, l’Ouest, Nord-Ouest, ak tout kominn e seksyon kominal ki frape pa ouragan Toma-a. Lèn konsidere divès pwoblèm pèp Ayisyen an ap travèse sitou apre katastròf  12 janvye-a ak epidemi kolera ki kontinye ap ravaje popilasyon-an nan plato santral, latibonit ak divès lòt rejyon nan peyi-a, nou menm nan RENMEN AYITI nou santi se kèn kap dechire jounen jodiya ak ouragan Toma ki vinn mete abse sou klou kote plizyè milye frè ak sè nou lage de bra balanse. Nan mitan gwo kalamite deblozay tèt chaje sa, kandida pou prezidan Jean Henry CÉANT voye sinpatil bay tout mounn ki yon lòt fwa viktim de movèz jesyon dirijan ki sou pouvwa yo ki pa janm vle pran konsyans nan ki eta mizè pèp Ayisyen-an ap viv.

An atandan nou menm nan RENMEN AYITI nou voye sipò pa nou bay  viktim yo, nou pwofite pou di pèp Ayisyen an pa dekouraje, men kontinye ouvè jel nan eleksyon ki pral vini yo pou chwazi mounn li  kwè reyèlman ki ka pran desten peyi sa an men. Yon lòt fwa, kandida pou prezidan Jean Henry CÉANT di  tout  mounn ki sinistre pran kouraj, kenbe fèm pa lage,  soulajman pa lwen rive.  Viv AYITI ! Ke bondye beni nou tout !

Biwo kominikasyon RENMEN AYITI
390, Route de Bourdon, Port-au-Prince Haiti HT 6114,

http://www.jhc2010.com/index_Donation.htm
www.renmenayiti.org
You may unsubscribe or change your contact details at any time.

Share:

Author: `