Viv Jovenel Moise, viv progres, viv Haiti!

Oct 17, 2018

Se dwa tout moun pou mande re-edisyon kont sou dosye petro-karibe. Men bat pou n pa manyen Excellence President Jovenel Moise. Yon president kap travay pou mete rout, kouran 24/24, 12 mil salle classe anplis sak gen deja yo, 41 micro parc industriel nan 41 arondisman peyi a, 4000 (4 mil) kilometre route nan tout peyi a, mete disponib traktè disponib pou modernize agrikilti, kap konstri aeroport, port, baraj sou rivyè marion, kiraj nan tout rivyè ak basen vèsan nan peyi a, mete finansman pou  jeune entrepreneur, sant jèmo-plas pou rebwase peyi a a rezon 45 milyon pye bwa chak lane ect..

Se yon president visyonè.

Attention ak president kap mete Haiti sou rout developman, attention ak moun sa a ki gen grand vizyon pou peyi. Mande lajan men president an pou 5 an. Mw vle nou sonje sa. Ti mari pap monte, ti mari pap desann.

Viv Jovenel Moise, viv progres, viv Haiti. Aba Tout vòlò kap vòlò depi lè yo te lekòl nan pran tout kalite poul mouri. A bon entendeur salut!!!

Share:

Author: `