Prezidan Repiblik la rankontre pati politik yo sou enstitisyonalizasyon vi politik la an Ayiti

Pòtoprens, jedi 14 septanm 2017.- Prezidan Repiblik la, Ekselans Jovenel Moïse, akonpanye ak Premye Minis lan, Doktè Jack Guy Lafontant, rankontre jedi 14 septanm nan, nan Palè  Nasyonal ak reprezantan epi dirijan pati politik yo, sou 2 kesyon esansyèl ki se : Enstitisyonalizasyon lavi politik la ak finansman pati politik yo an Ayiti.

Rankont enpòtan sa, ki se premye ki reyalize sou administrasyon Prezidan Jovenel Moïse la, gen pou objektif inisye nan tèt kole ak responsab pati politik yo,  yon pwosesis konsiltasyon ak refleksyon sou kijan dispozisyon ki gen pou wè ak finansman piblik yo, ki nan lwa 2014 la, ki gen pou wè ak fòmasyon, fonksyonman epi finansman pati politik yo, ta dwe aplike.

Pandan lap raple gwo wòl  pati politik yo nan sistèm politik ak demokratik la , sa ki tabli nan konstitisyon 1987 la, chèf leta a pwofite moman an pou fè yon rale sou gwo difikilte fòmasyon politik yo ap fè fas.

Ekselans Jovenel Moïse kwè, nan kèk peyi, sitiyasyon an klè devan je popilasyon an. Lavi politik la òganize, li stab e li chita sou 2 oubyen 3 gran pol politik; Li pi fasil pou popilasyon an chwazi.

Pou sa ki gen pou wè ak pwosesis pou finanse pati politik yo, chèf leta a ensiste sou nesesite ki genyen , pou lajan sa yo ta byen itilize , nan sousi pou evite gaspiyaj nan lajan leta. Prezidan Repiplik la, ki deja konnen travay sa pap fasil, plede an favè yon sistèm demokratik ki chita sou bon jan bwase lide ak konsansis nan benefis kominote a.

Aprè entèvansyon Prezidan Repiblik la ak echanj nan mitan responsab ak dirijan pati politik yo, gen yon komite swivi ki monte pou fasilite aplikasyon tout pwen ki te debat yo.

Rankont sa ki te dewoule nan yon bon atmosfè, rantre nan kad vizyon Prezidan Repiblik la, pou tabli  yon sosyete ki gen lòd ak disiplin kote tout enstitisyon yo ap jwe wòl yo epi byen ranpli misyon yo.

Share:

Author: `