Poz Premye wòch pou konstriksyon wout 2e seksyon Ansdeno


Pòtoprens, samdi 20 janvye 2018:

Prezidan Repiblik la Ekselans Jovenel Moïse, akonpanye ak Premye Minis lan, doktè Jack Guy Lafontant ak kèk otorite lokal, vizite 2e seksyon kominal Boudon, nan Ansdeno.


Kout pye sa nan komin Ansedeno, reyalize nan objektif pou Chèf Leta a ak Chèf Gouvènman an founi je gade, eta wout ki soti Ansdeno pou ale nan 2e seksyon Boudon an, epi poze Premye wòch pou konstriksyon twonson sa ki mezire 12 kilomèt.

Vizit sa, te tou okazyon pou Ekselans Jovenel Moïse pale ak popilasyon Boudon an, de kèk gwo reyalizasyon administrasyon li an pral antreprann, tankou konstriksyon mache piblik ak blòk sanitè, nan lide pou pote yon lavi miyò nan zòn nan.

Seri vizit sa yo nan zòn ki pi rekile yo, temwanye volonte Prezidan Jovenel Moïse, pou rete pre popilasyon an epi kraze baryè ki egziste ant moun lavil ak sa kap viv nan seksyon kominal yo.

Share:

Author: `