MINUSTAH ap sipòte yon Ayisien ki Kwè nan Violans e nan Pèsekisyon Politik kom Komisè Gouvènman – Added COMMENTARY By Haitian-Truth

Nominasyon Danton Leger kom Komisè Gouvènman se yon lòt ekzamp ke lidèchip MINUSTAH ap sipòte moun ki nan violans e ki kont eleksyon ak demokrasi nan peyi Dayiti. Danton Leger fè yon entèviou nan mikro Jean Monard Metellus sou radyo Caraibes nan mwa Janvye a kote li mande patizan Lavalas li yo fè violans nan pran macnhèt, nan pran wòch, nan pran zam e nan boule. Apre entèviou sa patizan l yo kraze e boule 15 biwo elektoral minisipal e boule 2 lekòl piblik nan jou ki te 21 soti 22 Janvye. Youn nan lise ke patizan l yo boule se Lise tout nèf Anacaona ki te fèk konswtwui nan Leogane. Mezanmi pou moun ki bliye deklarasyon sa yo klike la: https://www.youtube.com/watch?v=PzT39kJBpI4

Tout moun konnen tou ke Danton Leger nan deklarasyon ke li fè deja gade pozisyon Komisè Gouvènman an tankou yon zouti politik pou pèsekite advèsè politik li san li pa bezwen oken pwèv. Pou kapab konpran e tande Me. Danton Leger ki kont lalwa nan di ke li pa bezwen ni plent ni pwèv pou li aji klike la:  https://www.youtube.com/watch?v=6uyYFanpg-o Nominasyon sa konsidere kòm dezyèm erè nouvo Minis Jistis la Me. Camille Junior Edouard ki sanble ke li plis enterese nan zafè politik ke nan zafè jistis. Genyen ampil moun ki panse ke Me. Danton Leger ak Minis Jistis Edouard se 2 moun kapral akselere leve kanpe kont gouvènman Privert ki montre ke li pral nan zak pèsekisyon politik e ilegal olye ke yo okipe zafè eleksyon. Depi 2012 MINUSTAH nan jan ke li aji ap bay moun ki nan violans politik yo jarèt e se pousa ak violans anakopopilis yo te rive bloke pwosesis elektoral la. Yon bagay ki diferan de 2004-2006 kote MINUSTAH pat tolere violans.

Imajine’w kisa ou tap mande mate an nan radyo si se te gouvènman Mateli a ki te nonmen yon moun konsa ki te nan violans? Jodia wa komprann!

Texte de Stanley Lucas
____________________________________________________

Leger just named Commissioner of Government, a very, very important post in out goovernment.

And, the first thing he does is call for Lavalas to take up machetes, rocks and everything else, for an assault upon their opposition.

This is why he was selected by Privert’s team.

Privert is Lavalas, and always will be. He is a terrorist and partner in murder.

The worst is yet to come.

Share:

Author: `