Mesye, pa pran non Lamothe pou simen poud divizyon !

Image result for martelly lamothe jovenel photos

Image result for martelly lamothe jovenel photos

Pawol yo fini.Yo pédi konfyans Pép la.Popilarite yo a zewo.Sa ki rete yo ?

Moun sa yo san santiman.Tan ke yo poko wete dénye souf peyia,yo pap kanpe.

Dénye zév yo,dénye move zak yo,se non ansyen P.M.Laurent Salvador Lamothe yo pran pou simen poud divizyon nan kan demokrat,nan mitan patriyot ak sitwayen konsekan k’ap lite pou Ayiti pran wout pwogré ak estabilite.

Kilés ki pa wé klé nan jwét la?

Destabilizaté yo envante dosye pou P.m. nan.Yap leve ti dife boule nan mitan Lamothe,PHTK, Michel Martelly, depite, senaté…Men sa yo vle anko ?

Tout moun wé klé nan jwét la.Destabilizaté yo vle simen zizani,kontinwe piye kés Leta, fé dappiyanp sou fonksyon piblik,mete kriminél nan administrasyon yo.

Pou sa,fo yo rive sou Prezidan Pép la fék mete sou pouvwa a,Jovenel Moise. Se pou yo mete l dozado ak Martelly ak Lamothe,dozado ak Martelly, PHTK, dozado ak palmanté patriyot,tout Ayisyen konsekan,ki vle demokrasi vanse an Ayiti.

Sa pap mache,mesye !Konplo degouden-senkant kob la pap mache !

Moun ki benyen nan dlo trayizon,se kostim trayizon pou yo mete sou do yo.Pép la pran foto yo.Yo pa ka twonpe pésonn anko.Jodia,gen yon Kan Demokrasi tout bon.Se kan Pép la.Ankenn mannév pap divize yo.

Gen lanmou yon patriyot gen pou peyi’l,li simante lamitye,li anpeche politik divize zanmi.Sitou lé yap defann menn koz,koz demokrasi,destabilizaté ap menase depi san lane !

Armen Lemonier(Cité de L’Indépendance).

Share:

Author: `