Lèt nan okasyon Jounen mondyal pou pwofesè yo

Pòtoprens, 5 oktob 2010

Medam ak Mesye pwofesè yo,

Se avèk anpil respè map salye nou tout nan okazyon Jounen mondyal pou pwofesè yo. Map salye nou avèk respè paske metye nou an, se pami metye ki pi enpòtan pou yon sosyete tankou pa nou an, pou yon peyi tankou Ayiti. Mwen salye nou avèk respè paske nou fè metye sa a avèk tout kè nou, tout kouraj nou malgre move kondisyon yo ba  nou pou fè kokenn metye sa a.

Kite m di nou pou kòmanse, regwoupman mwen reprezante pou eleksyon prezidansyèl la, Renmen Ayiti, panse edikasyon fèt pou nan mitan tout estrateji pou fè lavi miyò nan peyi Dayiti. E kòm pa gen edikasyon san pwofesè, Renmen Ayiti deklare devan tout nasyon an: pwofesè peyi Dayiti se poto mitan tout estrateji pou fè lavi miyò nan peyi a; pwofesè peyi Dayiti se poto mitan pou devlopman ekonomik, pou devlopman sosyal ak devlopman entelektyèl.  Sitiyasyon peyi a, apre tranblemanntè douz janvye a, mande pou nou chanje jan nou òganize peyi a, li mande pou tout moun chanje fason yo abitye viv, li mande dirijan yo chanje jan yo abitye jere peyi a. Lekòl fèt pou akonpaye tout chanjman sa yo. Se pou tèt sa, wòl pwofesè yo fèt pou vini pi enpòtan.

Lè nou gade byen, se pa wout sa a dirijan yo nan  peyi a pran avè nou. Se pa wout pou fè lekòl yon lòt jan, nan pi bon kay, ak pi bon liv yo pran. Se pa chemen rekonstriksyon rapid yo pran; se pa chemen fè pwofesè ak paran jwenn èd pou rantre lekòl la yo pran. Se pa chemen pou plis timoun jwenn  wout lekòl yo pran. Se chemen pèdi tan. Se chemen pou plis mizè pou manman ak papa pitit yo pran.

Nou menm, nan Regwoupman Renmen Ayiti, nou di fòk sa chanje. Fòk tout moun ka viv tankou moun. Fòk pwofesè lekòl yo ka viv tankou moun. Fòk metye pwofesè a tounen yon metye tout bon. Sa vle di fòk pwofesè yo gen bon jan fòmasyon, men tou sa vle di fòk kondisyon travay yo bay pwofesè yo chanje tou.

Nan yon peyi kote se Jean Henry Céant ki prezidan, nan tèt kole, nap jwenn solisyon pou pwofesè yo tounen pwofesyonèl tout bon. Nap fè yon jan pou plis jèn fi ak plis jèn gason vle fè metye sa a paske yap gen garanti nan metye sa a, yap ka gen kondisyon pou  fanmi yo, pitit yo, jwenn kay pou yo rete, transpò pou yo ale lekòl; chak timoun ap jwenn yon plat manje cho lè yo lekòl. Fòk demen lavi nouvo jenerasyon an ka miyò pase lavi jenerasyon anvan l la. Se sa ki pèmèt rekonèt yon sosyete ki gen pwogrè ladann l.

Pa gen moun onèt, moun serye, moun travayan ki ap rete deyò. Tout moun ladan l.

Yon pwofesè se yon gid pou sosyete a, yon pwofesè se yon gid pou timoun yo. An n bay tout pwofesè sipò yo merite. An n ankouraje tout pwofèsè.

Viv Ayiti. Viv pèp Ayisyen.
Ke Bondye beni nou tout
Jean-Henry Céant
&n bsp;          Kandida pou prezidan peyi Dayiti
390, Route de Bourdon, Port-au-Prince Haiti HT 6114,

Share:

Author: `