JOVENEL MOISE GEN PWEN DEMOKRASI
Dec 4, 2018
Sak pa konprann, li pa two ta pou yo konprann: Prezidan Jovenel Moise gen Pwen Demokrasi. Kote li pran l, na reponn apre.An atandan,men prév ki montre aklé Prezidan Jovenel pran pwen Demokrasi :
1-Jovenel bay Palmanté Chwazél Chancy lanmen, pa yon krik pa soti nan krak lanmou Jovenel pou Ayiti.
2-Jovenel chita, manje sou tab ak Palmanté Youri Latortue, Jovenel toujou kwé nan pouvwa Labib.
-
Jovenel temwen pwovokasyon sekté konbine Blakawout ak mafya politik ap fé chak jou pou frennen ekonomi peyi a,Jovenel di mwen pran not,men demokrasi tét dwat!
-
Jovenel louvri liv listwa nan paj lanperé Soulouque ak Dok Duvalier, li pa gen tét vire, li di tan chanje: Demokrasi se rejim respé dwa, devvwa ak lwayote. Se bilten vot Pép ki mete m Prezidan, se travay chanje lavi Pép mwen vin fé.