Jistis pou BWA KAYIMAN !!!

Depi mwen fini ekri teks sou analyz priyè esklav yo nan Seremoni Bwa Kayiman, sepa 2 mesaj mwen pa resevwa.
– Gen moun ki panse mwen pa istoryen kidonk mwen pa dwe rantre nan koze sa yo.
– Gen lòt moun ki di se Seremoni sa ki lakòz peyi d’Ayiti gen tout pwoblèm sa yo jounen jodia.
– Gen gwo fwè ak sè levanjil ki di mwen deraye paske map chache melanje Bondye ak bagay vodou.

Bon, an reponn yo :

1- Mwen pa istoryen ??? —- Tou dabò mwen pa janm di mwen se istoryen. Mwen sèlman di, blan yo pa ka rapòte nan pwòp liv yo ke esklav yo te fè yon lapriyè kote yo t’ap pale ak yon dye ki kreye latè, yon dye jistis kap defann sa ki byen, yon dye vivan ki kont mechanste kolon blan, apre sa pou yo vle fè nou kwè sete yon Seremoni djab, yon vye bagay satanik kote se moun fòs fè nwa ki te ladan’l.

Tout moun ka konprann ke nan seremoni dyab yo pa pale koze sa yo. Ti refleksyon sa pa mande pou yon moun istoryen ni fè gwo etid pou konprann sa. Se yon rezonman senp ki mande bon sans. Epi tou, si inivèsite ak entelektyèl nan peyi-a te fè travay rechèch yo pou defann listwa nou, se pa “Ti Cyrus” ki tap jwenn chans lanse deba sa yo.

2- Sakrifis kochon ??? —- Se pa sèl relijyon vodou ki gen sakrifis. Si se paske yo te fè yon sakrifis ki ta lakòz Ayiti jan li ye a, anpil peyi sou latè t’ap pi mal. Paske chaje relijyon ki fè sakrifis bèt e menm gen relijyon ki sakrifye moun. Nan Labib gen sakrifis bèt, relijyon Kretyen yo chita sou sakrifis Jezi pitit Bondye.
Tout pawòl sa yo se konplo blan ak moun ki rayi aysyen fè pou tout sa zansèt nou yo te reyalize parèt lèd, mal, san enpòtans, yon fason pou nou jete listwa nou nan poubèl epi ranmase listwa pa yo.

3- Pou moun ki di mwen pa dwe melanje Bondye ak vodou paske yon konsidere vodou tankou relijyon Satan, map poze yo kèk ti kesyon :
– Eske nan Bib la, yo pa montre Bondye ap pale ak Satan plizyè fwa?
– Eske Bondye pa antann ak Satan pou’l kite’l sonde Jòb, detri byen li, touye pitit li, jete maladi sou li, yon fason pou’l wè lafwa li?
– Eske Satan pa rive pale ak Jezi apre li jèn 40 jou, jiskaske li tante’l lè li mande’l jete tèt li anba pou’l bay li richès?

Mistè Bondye gran. Se pa nou menm lezòm ki ka revele li. Labib di : Sa ki kache se pou Bondye, sa nou konnen se pou nou menm lèzòm.

[Deutéronome 29 verset 29 : Les choses cachées sont à l’Eternel, notre Dieu; les choses révélées sont à nous et à nos enfants, à perpétuité, afin que nous mettions en pratique toutes les paroles de cette loi. ]

Jeneralman mwen pa fè diskisyon relijyon, paske se bagay ki gen anpil pasyon. Epi tou, mwen respekte kwayans tout moun. Jezi te deja di “Kite yo grandi ansanm, lè rekòt la, Bondye a separe yo.”

Sèl bagay, mwen detèmine pou’m konbat tout lide ak entèpretasyon listwa Aysyen ki fèt nan laboratwa blan rasis ak objektif fè nou pedi konfyans nan tèt nou kòm yon gran pèp ki gen yon gwo istwa, yon istwa ki gran anpil e ke anpil lòt pèp ta renmen genyen.

Metòd mwen fasil. Mwen pa nan joure, ni nan pran pòz entelektyèl kap pale yon pakèt koze difisil. Apwòch mwen yo toujou senp, mwen jis chache agiman mwen nan sa advèsè a di oubyen sa bagay tout moun ka wè.

Se pa Cyrus Sibert ki ekri priyè-a. Se nan liv istwa moun kap blaze Seremoni Bwa Kayiman an li ekri. Siman yo blye retire’l, oubyen yo blye chanje’l, ranplase’l pa yon priyè ki lèd anpil.

Map envite tout moun reli priyè sa, epi di’m si analyz mwen fè a pa bon :
– Eske yon moun ki priye yon dye ki kreye syèl, ki kreye tè, ki kreye solèy, ki kreye lanmè, yon dye ki bon, ki vle jistis, ki kont krim, eske moun sa sepa ak Pè Letènèl lap pale?
– Eske vodouyizan yo janm di se lwa yo ki kreye latè?
– Eske pè katolik kite nan koloni Sendomeng pat deja aprann esklav yo ke se Letènel ki kreye Latè, lanmè, ak solèy?
– Eske priyè sa pa te fèt pou yon sèl Bondye? Tout moun konnen vodou gen plizyè lwa, men pagen okenn kote nan priyè sa esklav yo pale de plizyè Bondye, ni de plizyè fòs. Yo pale ak yon sèl Bondye.

Kidonk, sispann joure, chache agiman pou kraze sa Cyrus Sibert di a. Si nou pa ka fè sa, reziye nou aksepte ke Seremoni Bwa Kayiman sepa sa blan yo fè nou kwè a. Sete yon Seremoni yon pèp ki soti Lafrik epi ki rive konprann ke dye blan yo se yon dye mechan kap fè krim, eke dye sa diferan de dye ki kreye latè, ki vle jistis, ki vle byen.

Konnye-a se pou’w chwazi ki yes nan 2 dye sa yo wap sèvi : Eske se dye blan yo ki fè krim oubyen eske se dye esklav yo tap priye a ki kreye latè, ki vle byen ak jistis?

Blan yo tèlman lave sèvo nou, ke nou pa men’m reyalize ke pèp aysyen rele LETÈNÈL = BONDYE ki se yon prèv nan lang kreyòl ke nan imajinè popilè nou pa konsevwa yon Dye mechan. Anplis de sa, nou pa menm reyalize ke Aysyen paka di anyen sa li pa di “SI DYE VLE”.

Cyrus Sibert, Okap, Ayiti

Share:

Author: `