Jacques Edouard Alexis , yon gran moun dezôdone !

Juillet 13, 2014

Ansyen pwemye minis Jacques Edouard Alexis se yon granmoun dezodone.

Li sitèlman deregle, li mache nan chemen krochi, li pa jwenn lôt zak pou li fè ke pale moun mal, fè manti sou gouvènman Martelly-Lamothe .

Nan laprès, li mande pou gwoup politik anako popilis, demagog mete ansanm, pou deranje estabilite gouvènman an mete nan enstitisyon peyia.

Se menm yomenm ki bloke pwosesis elektoral la, paske yo kont demokrasi,yo pa vle Eta de dwa.

Jacques Edouard Alexis gen lè soufri maladi Alzaymè, li blye anpil move zak li poze nan karyè li.

An nou fè li sonje: Nan lane 2008, Palman an ba li yon vôt sansi pou politik koripsyon, detounman lajan, mezi politik antipep.
Se pep  grangou ki soti nan lari, bol ble nan men, pou mande voye pwemye minis Alexis ale.

Aloske Alexis pwemye minis, gouvènman kanada retire viza li. Se pwemye fwa sa fèt. Rezon an, se paske lè li te minis ledikasyon, li pran lajan èd kanada bay Ayiti pou li achte de bel apatman nan Montreal, peyi kanada.

Se apre anpil demach prezidan Preval fè, kanada asepte rebali viza.

Pwemye minis Alexis pran anpil souflèt nan men chèf Pè Lebrun an ki rele Aristide.Se te nan lane 2000,  nan moman li tap fè eleksyon chanpwel pou lavalas.
Chèf anako popilis nan pa te kontan ditou jan li tap menmen magouy yo.

Li te fè yo two aklè. Dayè, se eleksyon sa yo ki mennen kominote entènasyonal denonse gouvènman Aristide la.

Nou paka fini potre granmoun  dezodone sa a, san nou pa fè sonje kout rigwaz madan Alexis simen sou yon sekretè ekzekitif  nan mitan Edikasyon Nasyonal .

Lè sa a jacques Edouard Alexis te minis.

Lwa ogou feray te monte madanm nan jis li pèdi larezon.

Prezidan Aristid ak prezidan Preval te wè byen lè yo bay ajan sekirite lôd pou yo pa kite loray kale sa a chita bô kote yo nan seremoni piblik.

Nou mande granmoun nan pou li pran tèt li. mache toupatou ,ale frape pôt Taba, lakay Aristide,mete ajenou pou li vini kandida lavalas, se travay san wont, san santiman.

Granmoun, lè a rive, poze kôw yon kote apre tout mal ou fè peyia ansanm avèk asosye ou yo. Bay peyia yon chans pou li vanse.

Bay pep ayisyen yon chans pou li respire.

Share:

Author: `