Présidence de la République d’Haïti.
Kisa nou konstate 217 lane aprè ? Se vre nou pap resevwa kout fwèt kolon nan do nou ankò. Se vre nou pa gen chenn nan pye nou ankò. Se vre nou pap mouri pa santèn nan kal bato ankò. Men nou toujou rete esklav la èn, divizyon, chirepit, mizè,enjistis sosyal, ensekirite ki anpeche nou pran wout devlopman ekonomik, sosyal, ak politik tout bon vre.
Batay Vètyè a pat fèt pou 217 lane aprè pou Ayisyen ap viv san kouran elektrik.
Batay Vètyè a pap gen okenn sans si 217 lane aprè tout Ayisyen pa konn li ak ekri.
Présidence de la République d’Haïti.
Batay Vètyè a pat fèt pou te bay monopòl ak yon ti gwoup moun odetriman gwo majorite popilasyon an. Batay Vètyè a pat fèt pou Ayisyen ap dòmi nan labou jan nap gade sa avèk lapèn nan Site solèy, Site Boston, Site katon, nan Vilaj dedye, nan Belè, nan site Chovèl nan Okap, nan Raboto, nan tout katye popilè nou yo.
Batay Vètyè a pat fèt pou move sityasyon fòse plizyè milyon aysisyen pati kite peyi a pou yo al viv lòt bò dlo ak anpil nostalji. Batay Vètyè pap fèt pou manman lwa peyi a mete deyò plizyè milyon ayisyen nan zafè politik peyi yo. Batay Vètyè pat fèt pou gen tout eksklizyon ak divizyon sa yo.
Batay Vètyè a te fèt pou tout popilasyon an gen kouran lakay li 24è/24.
Batay Vètyè a te fèt pou tout ayisyen gen dwa jwenn lopital, sant sante, doktè,enfimyè, famasyen pou ba yo bon jan
swen lè yo malad. Batay Vètyè a te fèt pou pitit mwen ak pitit ou al lekòl pou yo gen bon ledikasyon ak enstriksyon. Pou yo jwenn inivèsite kap ba yo bon fòmasyon. Batay Vètyè a te fèt pou tout moun jwenn jistis kit li se malere kit li se gran nèg, kit l se moun nwa kit l se moun po klè, kit li se moun lavil kit li se moun andeyò. Batay Vètyè a te fèt pou etidyan yo gen aksè kredi lè yo fi n etidye pou yo monte antrepriz yo jan nou fèl nan pwogram Papej la. Ou byen pou yo entegre Administrasyon piblik la aprè konkou san marenn san parenn jan Ministè Zafè Etranjè fèl la ou byen jan OMRH fèl la pou rekrite jèn enjenyè yo ak administratè yo pou meri nou yo e lòt enstitisyon nou yo.
Batay Vètyè a te fèt pou n te gen plizyè baraj idwoelektrik tankou baraj Maryon nan tout peyi a pou irige tè nou yo e pou pwodwi kouran pou retire pèp la nan fè nwa.
– FIN –