Depi desanm 2014, opozisyon sou pouvwa

2/15/16, 11:11:55 AM:

Depi desanm 2014, opozisyon sou pouvwa. Apre’l fini mete PM Evans Paul, li mete Prezidan provizwa. Sektè prive ki pa janm ale nan eleksyon, finanse manifestasyon, retire moun, mete moun. Prezidan Martelly pran move konsèy yo, kite flatè yo banbile jan yo vle. Pandan yap fè dilatwa, fè konplo kont eleksyon lib, yo itilize radyo yo pou akize menm Martelly yap flate a. Depi’n te wè moun sa yo rive fè yo pa entegre kèk bon militan nan gesyon politik ak teren an, nou te atann nou a sa. Twou manti pa fon. Nap gade pou’n wè jis ki kote dilatwa sa yo ap rive. Nèg yo bliye si Marc Bazin te gen lame, boujwa ak  pouvwa, men pèp la pat kite’l genyen eleksyon. Devan pòt tounen dèyè kay. Demokrat tounen poutchist kap fè kou deta. Lavalas ap tranble pè ale nan eleksyon lib. Pèp la ap tann yo nan chimen jennen eleksyon.

Baton ki te bat chen nwa an 1994, se li ki pral bat chen blan si yo refize fè eleksyon.

Share:

Author: `