CHARLES HENRI BAKER

PEP AYISYEN, NAN NOM TOUT MANB RESPE,NAN NOM FANMYI MWEN E NAN NOM PAM ,MAP SALUYE NOU PATRIOTIKMAN E AN MENM TAN POTE YON MESAJ DE SOLIDARITE POU NOU POU FET NWEL LA NAN MOMAN DIFISIL SA YO.

MWEN KONNEN KE LESPRI NOU OKIPE AK TOUT KALITE PWOBLEM KE NAP TRAVESE PESONELMAN METE SOU LI PWOBLEM KE PEYI NOU AN AP TRAVESE.

MWEN VLE FE NOU SONJE KE FET NWEL LA AVAN TOU SE FET NESANS JEZIKRI. NOU SWETE KE BONDYE AKOUCHE NOU YON LOT AYITI KOTE KE NAP VIV TANKOU FRE AK SER TOUT BON VRE.

YON AYITI KOTE TOUT AYISYEN GEN YON KAY KI TROMPE NI SOLEY NI LAPLI
YON AYITI KOTE TOUT TIMOUN LEVE NAN MATEN POU YO PRAN WOUT LEKOL
YON AYITI KOTE KE NOU JWEN YON TRAVAY POU NOU DEFANN NOU AN TOUT DYITE
YON AYITI KOTE NAP JWENN BON LA SWENYAJ POU TOUT MOUN
YON AYITI KE LE MOND ANTYE AP PALE AN BYEN DE LI

MWEN TA RENMEN KE NOU REALIZE REV SA YO ANSANM POU YON LOT AYITI KI PRAN PLAS LI NAN MITAN TOUT LOT NASYON

KE BONDYE BENI NOU KE BONDYE BENI AYITI
CHARLES HENRI BAKER

Share:

Author: `

1 thought on “CHARLES HENRI BAKER

  1. Merci Mr. Baker pou toute sa ou fè pou peyi an. Wap goumin pou transparens, wap goumin pou respe youn pou lot, wap goumin pou vwa pep la. Nou kanpé avek ou.

Comments are closed.