3 thoughts on “CAP HAITIEN WILL DEMONSTRATE WEDNESDAY AGAINST PARLIAMENT’S EFFORT TO BLOCK THE NATION, AND ASK PORT-AU-PRINCE TO JOIN THEM

  1. Se pou pep la soti nan lari pou al kanpe dyanm devan palman an soti Lendi maten pou rive jouk palmante yo di mo yo genyen pou yo di nan dosye premye minis deziye a.Yo dwe vini avek foto tout moun ki te mouri anba men asasen yo, espesyalman moun ki te pedi lavi yo nan moman Operasyon Bagdad la.

    Palman an tounen yon kaloj kriminel kont nasyon an.Nou dwe fe yon lot endepandans nan peyi Dayiti.Neg yo vann peyi a,men yo pakab livre machandiz la. Yo piye, yo kraze,yo touye, yo boule, yo koupe tet,yo kidnape,yo enfekte jenes peyi a avek dwog,yo distribye zam nan mitan pep la, apresa, yo metel anba dwog pou li pa rekonet ak santi mizel, pou yo ka jistifye masak y ap pratike sou li.

    Se sel prezans Lame dAyiti ki senbolize endepandans ak souverente peyi a.Aristide ak akolit lagaoch-dwat, dwat -goch yo te fe tout sa yo te kapab pou yo imilye zanset nou yo nan siyen move papye pou fe blan vin mete bot mayaz sou kou Ayisyen yo. Konstitisyon an di byen kle ke blan pakab pile te peyi a avek zam pou lage, diplomat pa gen dwa foure ni dyol yo, ni bek yo nan zafe politik peyi a, alevwa ke se yo menm ki pou ta vin chwazi ki moun ki pou prezidan, senate, depite ak okenn lot ofisyel nan pouvwa peyi a.

    An 1986, se bann moun sa yo ki te debake nan peyi a pou vin ede kek milite anbisye ki te gen anvi prezidan, minis, senate, depite majistra, anbasade pou yo te ka mare konplo avek malandren entenasyonal pou te vin mete peyi nou an kk pou yo ka degize nou epi fe lemondantye konnen ke Ayisyen pa moun ki ka dirije tet yo.

    Liyes ki te ede Etazini chase esklavajis lakay li pou li te vin lib? Anmenm tan tou, apre konbyen lane li te rekonet endepandans peyi Dayiti? Depi kile sete anbasade ki pou te chwazi ak rekomande ki moun ki pou kisa nan gouvenman peyi Dayiti? Depi ke Duvalyeris yo te pedi jekwazandye yo pou yo te kite enmi Francois Duvalier te rantre nan pale a atrave polanve yo tankou milat machan n dwog yo, ti vakabon milat petyonvil yo, ki te vin abiye anble, pou yo te ka vann dwog,tankou fanmi Michele Bennet yo, zanmi yo ak kontrebandye milite yo, tankou aktyel prezidan chanm sena a,ki fin touye pifo nan milite parey li yo pou Lavalas.

    Men tou, yo met tann soukous pep la.

  2. I can’t write nor read creole. Surely you can’t have “qwi nan main e py wap di americain pa rentre nan affai haiti”. Basically once you’ve become self sufficient or truly independent, then and only then can you expect others to stay out of Haiti affairs. Stop touring the world begging and asking for donation and telling others to stay out of your affairs. The world doesn’t work like that

  3. Wow, moun sa pale parol ki tre fort…
    Sa se yon bon ide, min mwen pat tande okin manifestsyon… ki sa ki pase… Eske sa ap toujou fet? paske neg palmanter sa yo pap lage peyi a non si pep la pa leve kanpe pou mete yo nan role yo….
    Fe mwen repons pou fe mwen konin si manifestasyon ap toujou fet….

    Merci Beaucoup.

Comments are closed.