AYITI/REVOLISYON: GUY PHILIPPE ADRESE LI AK POPILASYON AN.

 Emmanuel Hubert

Nan yon adrès ak nasyon an, Guy Philippe mande popilasyon pou sispann kwaze bwa yo ap gade krim kap fèt nan peyi a kote yo ap tonbe anba bal bandi, yo pa ka ale nan sid, yo pa ale nan nò pou site sa yo.

Ansyen chèf rebèl la nan lane 2004 la mande tout moun pou mete pye yo atè jou kap 1e janvye 2024 la pou voye yon mesaj klè bay kominote entènasyonal la ak tout gouvènman defakto a.

Pilwen Guy Philippe kritike kominote entènasyonal la ki fè konnen gen 300 sòlda peyi Kenya ki pare pou rantre nan peyi a, poutan nou gen plis pase 1500 sòlda nan peyi a, nou gen lapolis, BSAP ki kapab rezoud pwoblèm nan, selon ansyen chèf rebèl la se nan tenten yo ap pase nou, se nou ki pou pran desten nou an men.

Yon lòt bò ansyen chèf rebèl la lonje dwèt sou gouvènman defakto a ki konplis nan krim kap fèt nan peyi a yo, selon sa li fè konnen si yo pat konplis yo tap rezoud pwoblèm yo. Lidè a bay popilasyon an randevou 1e janvye 2024 pou yo voye siyal la, li anonse lap tout kote nan peyi a pou ede pèp la goumen.

 

GUY PHILIPPE GARANTI SEKIRITE POU TOUT MON

Share:

Author: `