1 thought on “A Video that many other news groups are afraid to show you

  1. Men sa M ta p tann nan.Men sa M te bezwen an. men kichoy ki mete dlo nan moulen an, pou M al demontre lemond antye ke se pa fanatik nou ye, le nou di ke se selman Etazini k ap demele get li pou chanje move lavi ke Ayisyen ap travese anba Kominis-teroris-venezyelyen-Kiben-Iranyen ak tout lot asosye yo, tankou, Preval-Alexis-Bellerive, plis tout lot dwog dile- kidnape yo.

    Moun ki gen chans li Liv,” Le Livre Noir du Communisme” konnen tre byen sa M vle di. Se menm bagay la , Castro te fe an Afrik. Jodi a,mouvman Lavalas la louvri vant peyi a bay delenkan Alba yo pou lajan kokayin, lajan teworis Iranyen yo pou fe Ayiti sevi pon pou Ahmadinejad ak Hezbollah pase pou vin pete goumen avek nou pa bo isit. Mwen fout konnen plan sanzave yo. Menm jan vanm vanyan sa a ap mennen gwo batay psikolijik sa anan miten kriminel – asasen yo, se konsa tou ke M Mwen ap lite pou rive konvenk Establichment A meriken an pou li rive mete dekote tout entere mesken, pou li femen je l sou anpil bagay, epi pou li pemet Mwen aji kont tout vakabon sa yo, ki kache anba bonmas Nasyonzini pou depafini avek pep ki pa soti pou bay legen.

    Yo frape nou di nan dat 12 Janvye 2010 la, apresa, yo pran lapres,devan palman lakay yo, pou yo lave dan yo sou, Etazini ki se chwal bon do, pou tout kriminel-asasen mete chay pou al vann nan mache se radot.

    Se zafe ki gade de twa liberal nan administrasyon santral la, k ap tolere vakabon sa yo pou ki rezon? Mwen pa konnen.Le a rive pou nou pote plent epi mennen aksyon pou nou estope yo tout jan, tout mannye. Genyen yon bann teworis ki nan mitan Minustah ki genyen pou misyon: Bloke tout efo Ameriken ap fe nan peyi dAyiti.

    Mwen pare epi Mwen pre pou choute bouda yo tout alawonnbade.Preval resevwa gwo lajan pou li mennen jwet la jouk nan bout pou Hugo Chavez ka devni yon lide enkonteste nan rejyon an le Fidel Castro ale nan peyi san chapo. Mwen di Preval ak asosye li yo, ke Mwen pare yon po kann ak tout foumi yo tout ki nan Alba.Lajan Iran pa p vin demantibile rejyon an.

    Se poutet sa, nou pral mete nan tet pouvwa Etazini Jhon Ellis Bush ak Mitt Romney an 2012,vin mete fren sou malandren sa yo nan politik penyen lage sa a k ap pratike atrave lemond jodi a.

    Se poutet sa, Mwen pa vle okenn eleksyon Minustah- Kokayin-kidnaping ann Ayiti avek Preval, paske, dapre eksperyans nou deja fe avek vakabon sa a, nou ka pa fe l konfyans nan anyen.Preval se kominis-teworis. Pwen won

Comments are closed.