1 thought on “Picture 2

  1. Mezanmi, le w=nou fin gade yon repotaj konsa, Ko refleksyon nou fe sou pep la, kandida yo, Palmante yo, lide politik yo, ak viktim yo?

    Seke reyalite peyi a, kontras yo, etale kle tankou dlo kok pa vre? Politisyen rat do kale tankou Elie, Lambert, Jude Celestin vann mech yo. Pep la kontredi tout deklarasyon yo fe parapo avek sa pep la limenm dekri. Pep la pale kle, li di egzakteman sa ki verite.

    Menm moun k ap kole foto kadida yo di ke se yon dyob kole foto y ap fe, men, yo pa p patisipe nan radot eleksyon kokayin-Preval Ministah. Bon kisa nou bezwen tande pou nou rive konprann pi plis anko? Anyen. Pep la di ke li pa kapab anko avek Preval ak tout lot akolit li yo.

    Nou tande deklarasyon chime k ap sipote chef chime yo, Jude Celestin. Nonm nan di si yo pran pouvwa yo pral manje moun ak dan. Ko manman, kote kriminel sa yo soti?

    Antouka, sa pa p janm rive fet, paske, Mwen kle sou sa, Mwen pa p kite eleksyon fet ann Ayiti pi bone pase 7 lane jouk nou fin mete peyi a sou ray. Nou pral fome yon gouvenman pwovizwa ki pral ransanble tout moun serye pou wete viktim yo anba tant yo, jan pep la mande sa.

    Dapre mwen, anyan pa posib pou fet nan peyi a, jiskaske nou satisfe premye bezwen pep la kise: Wete pep la nan salte ak ensekirite.

    Nou tande tou ke kriminel ap mache kidnape, touye moun yo anba tant yo epi mete kadav yo nan sache pou al jete/

    Mezanmi, ki moun ki pa gen ke yo touche pou moun sa yo k ap viv nan yon kondisyon enfra-imen konsa?

    Antouka, we pa we, fok sa chanje.

    Pep la met pran yon ti pasyans tou kout pou Mwen, paske we pa we, mwen sou nou pou M vin chanje tout bagay avek pemisyon epi sekou Gran Met la.

    Mwen pa kandida, men, Mwen genyen responsablite pou bati peyi dAyiti pou laglwa Bondye.

    Kenbe fem, pa lage, kou a pa lwen.
    Gran Met la toujou vivan epi pisan.
    Li renmen nou, e la p toujou renmen nou.
    Li pa p janm sispann renmen nou.

    Chante, chante, Jezi te fann lame wouj la 2 bo.

    Se konsa l ap vin delivre pep Ayisyen an tou.

    Kenbe fem, pa lage, Jezi avek nou.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *