PETROCARIBE: Responsabilisons les responsables par leurs degrés de responsabilités!!!

Par Autorités:

1) *Les Presidents de la Republique -* Selon sa konstitisyon peyi Dayiti di, yon Prezidan pa jere lajan leta ni li pa kontab piblik kidonk pèsonèlman li pa ka enplike nan jesyon lajan. Menm si Prezidan te ka fè tèt li koupab nan trafik enfliyans, kolizyon oubyen sa droit fransè a rele ” fait du Prince” kote lap pèmèt yon pwoch li oubyen fanmiy li jwenn anpil avantaj. Aprè sa Prezidan pa ka akize nan dosye Petwokaribe a.

2)  *Les Premiers Ministres* – Ann konsidere se yo menm ki premye responsab jesyon adninistrasyon piblik la ak lajan leta. Nan sans sa li gen yon rega panoramik sou tout santim kap depanse nan nivo administrasyon piblik se poutèt sa lalwa se pa delegasyon pouvwa li pèmèt yon minis aji nan nom premye minis lan. Kelkeswa minis lan li responsab o segon degre. Sitou siw yon premye minis ki gen tout konfyans Prezidan Repiblik la epi kap jere la Primati, ministè Planifikasyon ak BMPaD an menm tan (suivez mon regard).
3) *Les Ministres des Finances* – Yo responsab sitiyasyon global ekonomi peyi a, sa vle di yo pa jere pwojè pou lòt ministè. Yo pa enplike nan aktivite lot ministè sektoryèl yo. Premye travay yo se verifye menm jan avek la Cour des Comptes eske tout pwosedi yo respekte avan li otorize dekesman lajan pou yon pwojè, yon pwogram etc. Epi tou ki repèkisyon sosyal/ekonomik oubyen politik pwojè sa ou Pwogram. Ministè ekonomi ak finans pa lanse apèl dòf pou pwojè sektoryèl yo, li pa la poul fè analiz teknik yo, li la selman poul ede nan cas sa yo verifye tout pwosedi yo respekte, eske pwojè a gen pwovizyon pou li nan bidjè, ki repèkisyon pwojè a sou sosyete nan dimansyon sosyal, ekonomik ak politik epi li apwouve dekesman sil posib. Onètman mwen pa twouve twòp enplikasyon yon Minis finans nan dosye petwokaribe.
Eske sa ta vle di pwojè sosyal yo pa gen plas yo nan yon tankou Ayiti, 3/4 nam popilasyon an bezwen asistans leta.
Al mande yon manman ki gen 4 pitit si *ti manman cheri* pat yon delivrans pou li, *Lekol gratis* la, *Restoran kominotè* a.
Al mande Etidyan yo si *Kore Etidyan* te yon move Pwogram.
Gen anpil mwen te ka site toujou.
Antouka pwogram sa yo nan moman sa yo et menm konnya li tap bon pou pèp la. Nou pa ka akize minis finans paske li te apwouve yo.
4) *Les Ministre Sectoriels* – Chak ministè sa yo gen responsabilite pa yo nan pwojè ki konsène yo, ki pa komanse ditou, oubyen ki komanse ki pa fini alòske tout lajan yo ta debloke. Se yo menm ki responsab swivi pwojè yo, ki dwe asire yo nan nom leta ke pwojè yo fèt selon fason sa te konvni oubyen avansman travay yo an adekwasyon ak kantite lajan ki dekese deja. Se yo ki dwe bay esplikasyon sou kategori pwojè sa yo
Share:

Author: `