JWÉET POU FANM.BATAY POU YON NOUVO KONSTITISYON, SE BATAY PA NOU!

Avril 15, 2021

Fanm se majorite popilasyon peyia. Fanm se poto mitan ekonomi peyia. Si fannm pa leve douvan jou, si fanm pa domi alabrinn di swa, timoun pa manje, timoun pa gen ledikasyon. Poutan fanm ap soufri, fanm pa gen respé, fanm pa gen dwa egal, tankou gason. Lakoz: enstitisyon leta yo ki depaman. Men jou va jou vyen. Jodia, jwét pou fanm. Batay pou chanje peyi, se batay pou dwa fanm.

Nouvo Konstitisyon an mande pou fanm pataje manda ak gason nan tout pos elektif, e menm nan pos administrasyon. Anfen Dwa rekonét enpotans wol fanm nan sosyete a. Konsa, fanm yo ap patisipe nan tout desizyon ak angajman kap pran nan domenn politik, ekonomik,sosyal ak kiltirél.

Kouman pou nou rele nouvote saa?

Nap batize l konsa: rekonesans pou kontra  tétkole ak devlopman nap chéche depi lendependans.Konprann byen:  pitit nou,  sé nou, fré nou, fanm nou ap soti nan dyaspora vini vote, vini poze kandidati. Byen komin, byen kolektivite lokal, byen depatman, ansanm ak konpetans yo, ap vini mete men ak entelijans pou chanje lavi.

Fok nou reyalize sa. Pa ka gen kwasans san pwomosyon fanm,pa ka gen kwasans san patisipasyon dyaspora. Politik dialog pou  bon gouvénans ak modénite, se la pou li komanse. Tanke objektif saa pa reyalize,ni legalite, ni lejitimite, menn lé yo soti nan eleksyon jis,onét, anyen pat mache komsadwa, nan sans enteré Pep la ak peyia.

Pouvwa fanm ak pouvwa dyaspora reyini, se limyé pou nasyon an. Okenn gwoup, okenn sekté pap ka antrene pép la nan wout deblozay, pou sévi enteré egoyis. Travay pap kite plas pou koripsyon. Kanta sekirite, se siyati tout komin ak depatman.

Jwét pou fanm. Si gen koreksyon pou fét nan nouvo pwojé Konstitisyon an, ke sekté konséne nan popilasyon an fél. En atandan, fanm, nap ranmase plas nou, nap ranmase dwa nou, pou Ayiti chanje, pou Ayiti kanpe yon demokrasi dirab, kote tét kole simante volonte, konesans ak kouraj pou loné ak respé tout fré ak sé Ayisyen.

Jwét pou nou, fanm.Se nou ki bay lavi.Nouvo Konstitisyon an ba nou dwa kapital, lejitim, legal, pou dirije, pou pwoteje lavi.

Jwét pou nou fanm!Vote nouvo Konstitisyon an!

Adelina Dayiti        

Share:

Author: `