Tantativ Koudeta Fanmi Lavalas Echwe!

Lavalas al nan eleksyon 2 fwa an 2016. Akoz de violans lavalas nan operasyon bagdad, operasyon paka tann, lame kannibal, lame ti manchèt, Domi nan bwa, lame wouj, kidnaping lavalas tout moun jwen, granmanjè lavalas ki piye e vann byen leta e mande okipasyon pèp la rejete Lavalas 2 fwa nan eleksyon 2016 yo
Image result for aristide demonstration haiti photos
Nan Chanm depite a Lavalas gen 5 depite sou 119. Nan Sena a lavalas gen 2 senatè sou 30 epi Maryse Narcisse recevwa 7 pousan sèlman kom kandida pou Prezidan.

Demokratikman pèp la bay lavalas kanè e fè yo tounen yon pati minoritè. Pou derespekte pèp la Lavalas deside ak violans ke yo vle fè koudeta. Mezanmi tandwe pawol dirijan fanmi lavalas, pouchis Schiller Louidor ki konfime ke lavalas vle fè yon koudeta pou touye Prezidan Jovenel Moise e pou kraze Palman ke eleksyon demokratik mete! Pou eseye fè koudeta a yo sèvi ak manti sou bidjè pou yo komanse simaye violans sou pèp la. Yo boule machinn malere, yo volè telefonn e kraze bak ti machann, yo voye woch sou anbasad Kanada, boule machinn anbasad meksik pou frajilize refije nou yo ki nan lòt peyi.

Pou fè koudeta sa e mete plis violans yo te esaye mete lapolis nan kou sa.
Koudeta sa echwe!
Pouchis Lavalas yo fou nèt!
Image result for aristide  haiti photos
Share:

Author: `