PENALITE-GATO POU Mexique-LOPOZISYON POLITIK MANDE MOSO.

Jul 3, 2019

Ayiti pa pral nan final GOLD CUP. 

Abit la fé ekip Mexique la kado yon penalite.

Pandan tout Ayisyen, isit kou lotbodlo, estomake, dlo nan je, sa yo rele LOPOZISYON POLITIK la pa manke kontan.Yo mande moso nan gato (penalty cake, dapre repoté Ameriken) abit la fé kado.

Lé yo di Lopozisyon Politik saa pa vle wé pwop peyi yo, anpil moun konprann jodia. Se nan destriksyon, zak malonét, kanpay kalomni yo kwé. Pou malfekté sa yo, yon viktwa ekip nasyonal egal viktwa pou Prezidan Jovenel Moise.

Kite kantik pran priyé. Prezidan Moise, prezidan Pép Ayisyen eli, sipote ekip peyi l, ekip pép li. Paske Lopozisyon malfekté sévi ak politik pou touye Demokrasi, yo fini pa rayi tout sa ki bon pou peyi Dayiti. Konsa,depi Prezidan Jovenel Moise komanse pran mezi pou mete limyé nan tout depatman ak komin, konbat koripsyon, gaspiyaj nan Leta, louvri dosye Petro Caribe, Lopozisyon deklare lagé.

Tou sa ki bon pou Ayiti pa bon pou yo.

Se pou sa LOPOZISYON mande moso nan PENALITE-GATO abit fé ekip Mexique la kado. Abitid se vis. LOPOZISYON FÉ SA LI KONN FÉ. Men li pap reyisi divize Pép Dessalines ak Pétion ini. Ni pép fré Ameriken, Antiyé ak Panyol soléy Ayiti klere sou wout Libéte ak Lendepandans !

     

 

Share:

Author: `