Breaking News! Breaking News! Breaking News! A la koze Mezanmi ! Prezidan Kantav louvri kanpay pou prezidan Dayiti!

A la koze Mezanmi ! Prezidan Kantav louvri kanpay pou prezidan Dayiti!
Nan yon estasyon radyo, nouvo prezidan Sena pale tout koze, sòf bonjan lwa pou palman vote pou bay demokrasi jarèt. Kanta wòl kontwòl egzekitif la, misye konfonn li ak kòmande ezekitif la.
Bon,ki kote koze sa prale ? Misye Kantav menm rive di Sena dwe aji selon mouvman lari a. Eske nou konprann ? Nou byen konprann ? Jete piman ak lwil nan lari. Mete kawotyou sou wout. Mare sosis ak estremis, simen wanga. Bay lajan sizyèm seksyon. Epi lekòl lage. Dezòd gaye. Mache,admimistrasyon , lekòl, legliz lage.
Kantav prese. Li prese anpil, paske nouvèl la gaye Prezidan Trump Etazini envite Prezidan Jovnel Moyiz pou vinn pale pwojè devlopman pou rebati anba Lavil, pou bay 100 000 jèn travay. Lwa pran Kantav. Li pèdi tèt li ansanm ak plizyè zotobre nan sektè prive, palman ak ministè.
Raj pran yo. Na ti pas kout, Kantav panse lap Prezidan aprè transisyon Premye minis.
Ki koze sa!
Mesye yo ale lwen anpil. Yo menm panse atake kay Prezidan Aristid, fè atanta sou Lambert pou louvri pòt tranzisyon, kote machann dwòg ak militan antipèp fè dappiyanp sou pouvwa.
Prezidan Moyis ap pale de pak gouvènabilite. Atansyon! Pak pa vle di eleksyon pa ladan l. Pak sa vle di : pran lajan Leta pou destabilize Leta. Konplo kap prepare pou 7 fevriye deja rekòlte 300 000 dola US. Konplotè yo di yap montre Trump,Jovenel ak Martely kilès ki mèt teren Ayiti. Zafè demokrasi a, yo pa vle ! Sa ki vle demokrasi, ya pran bato pou ale Chili!
Men pawòl yo!
Pèp ayisyen, pare pou nou defann Ayiti, demokrasi, estabilite ak pwogrè!
Share:

Author: `