Violence continues around countryside.

April 29, 2011
By `

Violence continues around countryside. Highways blocked with trucks. INITE attacking opposition Deputies and Senators. Hospital set on fire in Jeremie.

One Response to “ Violence continues around countryside. ”

  1. demokrazi bouda kras on April 30, 2011 at

    Se vyolans ki chwal batay kominis teworis yo.Depi plis pase 25 lane,yo tabli yon klima kraze brize nan peyi a sou preteks ke rejim ki te anplas la te dire twop sou pouvwa a.

    5 goud te vo yon dola ameriken.Trafik dwog la pa t kapab mode.Jenes la te epaye anba flewo ak dezas ke fimen mariwana, konsomasyon kokayin, ak tout lot kalte dwog ki la pou kraze brenn ak sevo fiti dirijan ak lide peyi a.Konsa, moun yo achte yon bann sanzave ki tal refijye tet yo nan peyi kominis degrenn goch, ak peyi sosyalis
    yo, kote yo aprann yo fe bonn ak tout lot kalte aktivite teworis pou vin antre nan peyi a pou vin kreye dezod, monte gang sou baz kominite katye e latriye, pou enfiltre sistem sekirite peyi a, atrave Leopards, Lamre dAyiti, Lapolis, ko daviyasyon, ko marin Ayisyen, Gad Kazen Dessalines,ko ponpye,antigang,gad pale nasyonal,kodijeni,ko transmisyon,koteknik fonasyonal,e latriye,pou kreye dezod ak endisiplin, makonen avek kek jeneral, ofisye ak solda san konsyans, ki te genyen anbisyon pou devni prezidan dAyiti nan plas Jean Claude Duvalier kom prezidan peyi a, ki t ap touche selman 10 mil pyas,pou yo te vin plen poch yo, konsa, yo te fe tet kole avek apatrid machann peyi yo pou te reyalize 7 fevriye 1986 ki mennen nou kote nou ye jodi a.

    Ala bel sa bel, jounen jodi a, yo tout prezan nan lakou peyi dAyiti, pou y ap gade epi kontanple tout dezas yo lakoz peyi a ap sibi kom rezilta vagabondaj ke yomenm menm te kreye.

    Jean Claude Duvalier , palefet ke li pa t dako pou fe san pep la koule pou defann pouvwa li,li te prefere abandone plas li kom prezidan peyi, le li te selman tande ke malandren yo te konplote pou wete lavi 3 jen ti gason nan Gonaiv.Li te vire do li, li t ale ann egzil nan peyi Lafrans.

    Le sa a, milite tret yo ki te prepare koudeta a, ansanm avek vakabon kominis teworis yo, te kontan, yo te fe pep la chante

    Milite yo paka manje, Tonton mAKOUT AP WOULE PAJEWO”.
    Se avek eslogan sa yo ke mas pep sot la te mache dechouke tout pitit pep la ki t ap sakrifye yo pou defann souverente peyi a, mentni sekirite agogo sou tout teritwa a, epi apresa, tout milat yo te akapare pouvwa pep la, yo te distribye gazolin ak kawoutchou” Pe Lebren” tribo babo, pou mache boule, ensandye tout biwo piblik, ak tout moun yo te jwenn sou pasaj yo.

    Yo te alimante mouvman manifestasyon chak jou.Se konsa, Jal Lame dAyiti yo te kosyone tout vagabondaj sa yo, le yo te deklare ke vant peyi a louvri bay apatrid yo eke ko volonte pou defann sekirite nasyonal yo pa egziste anko, depi le sa a, kidnape, machann moun, machann dwog, vole,teworis, anvayi tout ko peyi a, pou jouk jodi a,kote Lame peyi etranje vin kore pired mouvman kidnaping,ak tout lot aktivite ki pemet pesonn paka viv anpe ann
    Ayiti.

    Jodi a, mwen ta renmen pou Jean Claude Duvalier ta kanpe, pou Jal Lame dAyiti yo ke Papa Dok te voye chache nan tou bwa nan pwovens pou retire krab ak chik nan zago yo, pou mennen yo nan Potoprens pou vin retire gras sou po ko yo epi kite monte konplo kont pouvwa pep la an 1986 avek apatrid yo.

    Mwen ta renmen we kouman Jal Prosper Avril,ak tout lot yo, ta gade Jean Claude Duvalier nan je.Ala yo malonnet moun sa yo.Jodi a, ki eksplikasyon yo jwenn pou jistifye tout dega sa yo?

    Yo fin kraze ko volonte sekirite peyi a, yo kraze Lame dAyiti, yo kraze Lapolis, yo kraze antigang,ko ponpye, ko daviyasyon, Lamarin Ayisyen, kodeleyopa,Kazen dessalines, gad pale nasyonal,kodijeni, aloske, jodi a, moun pa ka viv anpe anba ensekirite,vole ap rantre anndan lakay tout moun,kay ap boule, pagen ponpye,kolera ap touye popilasyon an, pagen lopital milite,dlo ap pote peyi a al nan lanme, pagen agronom milite k ap bati fore.Tout vil yo inonde, paske pagen kodijeni.

    Nou pa genyen avyon milite anko, nou pa genyen batodege anko, jodi a, n ap goumen pou nou refe Lame, men yo di nou pa p kapab.Mwen kwe ke pep la ta dwe mache davan pot kay Ansyen Jal Lame dAyiti yo ki te asosye avek konplote machann peyi yo pou yo mande yo dekiprevyen?

    Avek tilamae touzwit nou an, nou te genyen sekirite agogo.Avek antigang nou an,tout vole ak gangte te mache sou piga yo,kinape pa t egziste nan peyi a.Se pa ARISTIDE AK PREVAL E LATRIYE ki responsab selman tout gagot ak kalamite peyi a.Nou dwe pase anpil moun k ap jwi sou gouvenman Duvalier yo nan krib anvan pou nou aksepte yo vin chita nan tren rekonstriksyon peyi a.

    Nan benyen kadav, paka genyen kache lonbrik.Vakabon se vakabon, tret se tret, malandren se malandren.Yo tout toujou ap kache deye yon drap ki rele blan yo pou yo pa pran responsablite yo devan listwa.Okontre, si se pa t blan yo, jodi a, nou pa konnen kikote peyi a ta ye. Nou pa konnen si ta rete menm yon sel Ayisyen sou late. Yo toujou vle fe konprann ke se Ameriken ki anpeche peyi a delope.

    Jodi a, eske se pa yon senate ameriken ki kanpe pou defann vot pep ayisyen? Eske se pa anbasade ameriken k ap rele anmwe pou kriminel yo pibliye rapo sou vot pep la?

    Nou dwe rive fe yon konferans nasyonal pou nou rekeyi temwayaj tout koupab ak tout konplis yo, apresa, nou va we nan ki fason pou nou padone yo, akondisyon, yo restitye peyi a tout sa yo te vole, piye, detounen, nan pwop entere pa yo epi pou yo te kite pep la nan labou santi sa a, ki pemet lemond antye ap poase nou anba rizib.

    Jean Claude Duvalier dwe chita apa, men, Prosper Avril ak akolit li yo, Aristide, Preval ak tout dechouke parey li yo, tout eksplwate kouraj pep la k ap souse san pep la san rete nan faktori,nan biwo leta, nan lapolis, ak nan tout fason yo konplote pou ekstemine popilasyon an, pou nou etabli responsablite chak moun nan dezas sa a.

    Nan konbyen tan anko peyi a ap rive tabli yon gouvenman tankou gouvenman nou te genyen anvan 7 Fevriye 1986 la ?Kile tout moun ap kapab mache san ke kase tankou sou gouvenman Jean Claude Duvalier anko?

    Nou pa dwe mande pesonn si nou dwe fe Lame ak ko sekirite pou defans peyi a. Dessalines pa t mande Rochambeau kosey sou kijan ak ki mannye pou li te oganize lame endijen.Zafe defans peyi a, se zafe pa nou. Tout moun, granmoun tankou jenmoun dwe pean resposablite yo, pou yo defann peyi yo. Sevis milite dwe ablogatwa nan peyi.

    Pou ekipman, na koumanse ak baton, woch, bout bwa, ak tout lot mwayen ki aladispozisyon nou. Nou pa bezwen pitit la sanble avek ni manman, ni papa.Si nou paka fe chadaso, na fe boutey poud.Si nou pa ka fe mitrayet, nan itilize zam kreyol ak festibal.
    Sa ki enpotan an, se koumanse pou koumanse drapre pwop mwayen pa nou.

    Ann avan Ayisyen. Leve kanpe pou nou defann ti bout te Zanset nou te goumen pou kite pou nou an.

    Se sel sa nou rete.