TRANZISYON DOUS PASE SIWO!- Added COMMENTARY By Haitian-Truth

Koze a pran lari, travése lanmé, rive lotbodlo : Privert Jocelerme ap magouye pou l retounen yon lotfwa kom Prezidan Pwovizwa! Éske nou tande? Jocelerme Privert, gran najé devan Leténél nan dlo Tranzisyon,

komanse make pa. Ala siwo dous se siwo Tranzisyon! Jan chante a di l: sa k pa konn Privert, men Jocelerme!

Jeni nan Finans Piblik. Ou se gwo boujwa, boujwa ki pa vle peye taks. Fwape nan pot Wa Jocelerme.Tout zewo ki swiv pran wout devire. Kaye manke paj. Lane akouche twa mwa! Miltiplikasyon ap goumen ak adisyon! 

Komandan nan lame Chanm Sena. Jocelerme navige bato, li pilote avyon. Alarive, konte pasaje!

Prezidan Koutye, li mete nan bak piblik ni machandiz pou vann, ni machandiz pou lwe.Blan Meriken, Blan Kanadyen, Blan Fwanse rele anmwe. Se premye fwa yo tonbe sou espesyalis nan nivo saa.  

Jeni nan magouy eleksyon.Privert ranvwaye eleksyon jan li vle. Li vyole manda, jan li vle.

Se menm Jocelerme Privert a k ap ekri pou denonse vyolasyon Konstitisyon. Kanta odas, misye gen pou vann! Tranzisyon pi dous pase siwo.

Pép la ap naje pou l soti nan grangou ak ensekirite, Jocelerme Privert ap bwase pou rantre nan siwo Tranzisyon.

Ala traka pou ti Peyi m nan!

Bondye gran!

Adelina  Dayiti 

COMMENT : HAITIAN-TRUTH.ORG

History tends to repeat itself.

The OAS was invited to broker a transition between the Martelly and Moise Presidencies, when the Haitian Senate, headed by Privert, had made a proper hand-over, February 2016, impossible.

Sir Ronald Sanders headed that delegation and made a Deal with the Devil. Some suggest Privert paid hundreds of thousands to obtain Sir Ronald Sanders support.

Only a Polygraph will reveal the Truth.

And now, we saw Sir Ronald Sanders working to head the new OAS commission to oversee the problems faced by President Moise, even as Privert was maneuvering to grab the Presidency –YET AGAIN!

TIME FOR THE OAS, INTERNATIONAL COMMUNITY, AND UNITED STATES GOVERNMENT TO WAKE UP, AND SMELL THE ROSES BEFORE THEY ARE OUTWITTED YET AGAIN!!!

 

Share:

Author: `