Saturday, January 11, 2014 HAITI 12 JANVYE 2014: APRE 4 LANE KÈK CHIF KE NOU TA DWE KONNEN pa Stanley Lucas


Apre 4 lane depi ke goudougoudou pase sou Ayiti tout moun ap mande kote mas lajan key o bay pou peyi nou pase?  Mwen di tout moun pa bliye ke manman lajan rekonstriksyon an pa pase nan men Ayisien. Akoz lwa ijans lan ke iresponsab ki te nan tèt leta a te pibliye an 2010 se etranje yo a travè CIRH ki te ranmasse, kontwole ak depanse manman lajan rekonstriksyon lan. Mezanmi pa di ke map di lan tanko Moise non.

Mezanmi sepa ti kob non ke mesye ak medam etranje yo fè gagot ladanl. Mwen men’m mwen pa anti etranje. Mwen se yon neg ki kwè nnan kooperasyon men lè gen dezod fok nou lonje dwèt sou dezod la. Fok nou pa bliye ke alepok ekonomi mondyal la tap mache, pa gen lajan ditou ki tap sikile. Kidonk lè reken etranje wè lajan kap vide sou Ayiti ki te reprezante yon bon sos, you tout plonje al fè bè yo. E se pousa ke etranje yo mete men sou lajan rekonstriksyon lan e se yo tou ki depanse 99% kob sa yo. Sot ki bay embesil ki pa pran. Eske Preval te embesil? Mwen pa kwè sa, lit e konnen sal tap fè, seli ki dwe vin eksplike poukisa li te fèsa. Ti video ak dokimantè ki fèt pou proteje misye pa sifi.  Malgre lobèy sa yo, tampri souple, pinga yo vin di ke ayisien kowompi paske lajan yo pa jamen ateri nan men nou. Si gen eksplikasyon ki pou bay sou ki kote lajan yo pase, se etranje yo ki pou bay li paske se nan men yo ke lajan ke yo te bay pou viktim Ayiti yo ye. 12 Janvye 2014 dwe reprezante yon jou tèt ansamb pou nou mande kote lajan yo voye pou pep Ayisien lan pase? Men kèk chif ke nou dwe konnen:

Kombyen Ayisien ki mouri le 12 Janvye 2010: 320.000
Kombyen Ayisien ki te deplase apre 12 Janvye 2010: 3 Millions
Kombyen fanmi ki te pedi kay: 420.000
Kombyen Ayisien ki tap viv amba tant apre 12 Janvye 2010: 1.6 Million
Kombyen kob ke Ayiti pedi 12 Janvye 2010: $12 Milliards
kombyen Ayisien ke kolera MINUSTAH touye depi Octobre 2010: 8500+
Kombyen Ayisien ke kolera MINUSTAH kontamine: 780.000
Kombyen jou ki pase san ke MINUSTAH pa prezante Ekskiz bay Pep Ayisien pou kolera de li lage nan peyi Dayiti: 1169
Kombyen kob, lajan ke Ayiti bezwen pou netwaye kolera MINUSTAH: $2.6 Milliards
Kombyen kob ke yo bay Ayiti onivo miltilateral: $7.5 Milliards

Kombyen kob ke gouvenman Meriken remet ONG ak kompayi prive meriken pou Ayiti: $2 Milliards rete $1 milliard ki poko depanse
Kombyen kob milite Meriken depanse pou distribye medikaman, manje dlo, bato lopital elatrye apre 12 Janvye 2010: $1.2 Milliard
Kombyen kob ke gouvenman Meriken depanse pou ede konstwui Pak endistryel Nodès: $124 Millions

Kombyen kob chak ONG ak Kontraktè Meriken recevwa pou Ayiti de gouvenman Meriken: Gen yon fonksyonè Depatman Deta ki move chak fwa ke mwen poze kesyon sa
Kombyen kob sitwayen Meriken remèt 80 ONG meriken pou Ayiti: $1.9 Milliards

Kombyen Ayisien ki recevwa TPS nan men gouvènman Meriken apre 12 Janvye: 60.000
Kobyen nan 110.000 Ayisien ke fanmi yo Ozetazini aplike pou rezidans e ki apwouve par Homeland Security ke gouvènman Meriken kite rantre: 0
Kombyen Kob gouvènman Kanada remèt ONG Kanada pou Ayiti: $1 Milliard

Kombyen Lajan Lakwa Wouj Washington ranmasse pou Ayiti: $486 Millions
Kombyen kob ke gouvènman Ayisien recevwa kom sipo bidjetè an 2011: $68 Millions
Kombyen kob ke gouvènman Ayiti jwen sou chak $100 dola ke etranje yo depanse an Ayiti: 10 centimes
Kombyen kob sa koute pou konstwui kay pou 100 employes ambasad Meriken Ayiti: $100 Millions

Kombyen kob sa koute gouvènman Matelly a pou retire 1.1 Million Ayisien Amba tant: $98 Millions
Kombyen kob sa koute pou konstwui kay pou 750 travayè nan Karakol: $20 Millions
Kombyen Ayisien kap viv amba tant toujou: 160.000
Ki pousantaj nan lajan ke etranje ap depanse pou Ayiti pandan 2013 kal jwen oganizasyon natif natal peyi a: 3%

Share:

Author: `