PWOLONGASYON NOU MANDE!

PWOLONGASYON NOU MANDE!

Jan 11, 2020

Kanta sa, wi nou pa manke kriminel, mesye Palmanté! Nap fé presyon ak briganday, nap brase koze dezagreman pou Prezidan Jovenel Moise pwolonje manda nou.

Pép la konprann. Nou mande pwolongasyon paske nou pa fatige trayi lavni travayé. Nou pa  fatige detounen ak gaspiye lajan Pép la.Nou pa fatige lok ekonomi ak lekol. Nou pa fatige finanse gang. Nou pa fatige bare lavni jenés la.

Pwolongasyon manda? Se plis ke nomal Depite ak Senaté mande sa.Abitid se vis.Kanta san wont, nou pa manke san wont!  Ki dyob Konstitisyon 87 la ba nou? Kontwole Pouvwa Ekzekitif. Ki vle di, gade kijan Leta ap dirije, si li prale nan sans devlopman, pwogré ak jistis sosyal.

\

Chanm Depite ak Chanm Sena, toude kanpe lwen misyon yo.Yo chwazi pito benyen nan magouy ak koripsyon.Si nou byen konsidere bilan Palman saa, se pa sélman enstitisyon Leta li defigire, se figi Ayiti ak tout Ayisén ak Ayisyen yo eseye sal. Men Bondye bon, drapo 1804 pa tochon, Pép Ayisyen toujou vanyan.

Pwolongasyon?

Men ki kote Depite ak Senaté sa yo soti? Ki kote san wont ak san santiman sa yo soti?

Se premye fwa nan listwa Dayiti, Pép la wé bagay konsa.Lé yo pap vann zam,yap vann dwog. Lé yo pap vann atik Konstitisyon, yap vann té Leta. Lé yo pap detounen taks Leta, yap lok peyi.

Pwolongasyon?

Wi, pwolongasyon pou rive nan Tranzisyon. Ala bél jwét la bél ! San Pép Ayisyen genlé dous pase siwo. Kriminél, se non nou sa, mesye Depite ak Senaté. Bilan nou se destwiksyon. Bilan nou se demagoji, kalomni,manti ak vol.

Sa fini.Gen Atik 136 ki bay Prezidan Repiblik la misyon pou asire estabilite enstitisyon yo, fonksyonnman pouvwa piblik ak kontinwite Leta. Sa se youn. Sa se devwa Prezidan Jovenel Moise, ki twouve l nan mitan yon Kafou Istorik, kote Pép Ayisyen ap batay pou revolisyon demokratik kap chanje mod ak Pratik Leta predaté istorik la.

Chofé a mande chanje wout. Se youn.Pép la di fok wout la chanje.Se de.Kidonk, nanpwen pwolongasyon. Lé a rive pou fanm ak gason vanyan koule beton libéte, egalite ak fraténite pou konstwi yon lot Leta.Lé a rive pou leta Ayisen sévi enteré Ayiti,Ayisyén ak Ayisyen.

Kidonk, pa gen pwolongasyon. Pa ka gen pwolongasyon. Pap gen pwolongasyon.

Van 1804 leve pou: demaske palmanté sanwont. Pou asire jistis ak pwogré. Pou reyalize revolisyon trankil kap refonde Leta Ayisyen.

 

 

    

Share:

Author: `