Prezidan Repiblik la vizite santral elektrik lèziwa a

Pòtoprens, samdi 20 janvye 2018:

Prezidan Repiblik la, Ekselans Jovenel Moïse, ki te gen bò kotel, Premye Minis lan, Doktè Jack Guy Lafontant , vizite samdi 20 janvye 2018 la, travay konstriksyon santral elektrik Lèziwa a.

Vizit evalyasyon sa pèmèt Chèf Leta a, enfòme l sou kijan travay yo ap vanse, epi mande responsab chantye yo, pou pran tout mezi nesesè , pou pèmèt Santral la kòmanse travay nan delè ki te fikse a.

Santral Elektrik Lèziwa a, ki pral itilize van ak solèy pou pwodwi elektrisite, rantre nan kad volonte Administrasyon Moïse-Lafontant an, pou respekte règ ekolojik mondyal yo, pandan lap eksplwate lòt sous enèjetik ki pi pwòp epi kap pèmèt li bay tout peyi a kouran 24 sou 24.

Santral modèn sa a ki chita nan komin Leziwa nan depatman Grandans ap itilize yon systèm ewolyen ak segman ki genyen ladann yo chak 36 tubine 166 wat ak yon sytèm solè ki genyen 380 pano. Konnenn chenn enfrastrikti sa pral gen yon kapasite prodiksyon 145 kilowat avèk yon motè dyezèl 150 kilowat.

Ekselans lan te tou pwofite fè yon rale sou nesesite ki genyen pou popilasyon an peye pou kouran lap itilize a, nan lide pou pèmèt Santral la toujou egziste.

Yon lòt bò, Chèf Leta a pase enstriksyon, pou Direktè EPPLS la, Mesye Yvon Buisreth pran dispozisyon pou konstwi prese prese yon ventèn kay, nan lide pou deplase moun kap viv a kote Santral Elektrik la.

Share:

Author: `