PRÉZIDAN PÉP LA SE JOVENEL MOISE!

Image result for jovenel moise PHOTOS

Gen anpil prézidan an Ayiti: prézidan asosyasyon, prézidan pati politik, prézidan klib, prézidan palman, prézidan patron, prézidan ouvriye, elatriye… Prézidan sa yo, se yon kategori ou sekté nan pép la ki mete yo nan plas sa a. Kanta Prezidan Jovenel Moise, se majorite Pép élektoral la ki vote pou li, e ki fé li Prezidan , Prezidan Konstitisyonél Peyi D’Ayiti.

Gen anpil nan prezidan sa yo ki sanble ou fé sanblan yo pa konprann verite sila a. Sa ki pi réd la,lot ta di sa ki pi tris la, séten nan prezidan sa yo ki pase 20,10,lane san janmé louvri bouch yo pou mande jistis ak pwogré pou pép la, yo rale twonpét yo pou fé konprann se jodia, sou gouvénman aktyél la pwoblém koumanse.

Nou pa bezwen di Pép la kwape yo. Pép la pa tande yo.Manti pa ka bloke wout karavan chanjman,kan je Pép la klere! Manti,kalomni pa ka detounen karavan Chanjman, kan travayé, ouvriye, peyizan,patron, mete tét ansanm pou ogmante pwodiksyon, bati lekol, bay travay, konstwi lojman, devlope touris, bay sekirite…

Prézidan Jovenel Moise, se Prézidan tout Ayisyen, l’ap travay pou chanje kondisyon lavi tout ayisyen. Sa Prezidan ki pase yo fé ki pozitif, Prézidan Moise ap ranmase yo pou ale pi lwen. Sa ki mande korije, sa ki mande chanjman, Prezidan Moise, avék sipo Pép la, ap korije, ap chanje yo.

Sé pou sa Pép la mete Jovenel Moise Prezidan.Se pou sa li ba li yon manda konstitisyonél 5 lane.

Li ta bon pou prézidan sekté ak kategori yo,ki ta renmen yon jou, apre manda 5 lane Jovenel Moise la,vini Prézidan peyi a, konprann wout Prézidans se pa wout manti, iresponsabiliteak kalomni.

Li pa two ta, pouki sa sitwayen sa yo pa ta sipote Prézidan Jovenel Moise nan travay l’ap fé pou chanje lavi Pép la. Men anpil, chay pa lou. Eritaj madoulé Jovenel Moise jwenn nan, se devwa li, l’ap travay pou chanje sa. Men tout bon sitwayen dwe rekonét fo noutout mete men pou fé karavan chanjman an vanse!

Image result for jovenel moise PHOTOS

Share:

Author: `