Prezidan an fè lemond tande vwa 11 milyon ayisyen

Semenn sa se semenn kote Prezidan Jovenel New York pou li ka patisipe nan Asanble Jeneral Loni, li pwofite okazyon sa pou li rankontre anpil lòt otorite nan mond lan pou li eksplike yo vizyon ke li gen pou Ayiti ak travay li komanse antreprann pou mete peyi a sou wout chanjman. Li tou pwofite ap chèche finansman pou lot gwo pwojè sosyal ki gen pou fèt nan kad karavann chanjman an. Pou li ka leve figi peyi a. Prezidan an pa bliye mande pou yo dedomaje moun kite soufwi maladi kolera yo ak lajan pou eradike maladi sa nan peyi a.

Moman rive pou Prezidan an fè lemond tande vwa 11 milyon ayisyen, moman rive pou diskou Prezidan an pran yon lòt dimansyon pou li kouri dèyè koripsyon, sistèm peze souse sa ki koz anpil ayisyen ap viv nan grangou. Moun ki yon andikap kont chanjman an nan sosyete sa dwe chèche yon kote pou yo grate paske twop gran manjè pa vle Prezidan Jovenel avanse nan travay li. Gen anpil moun se souse yo vinn souse chak jou san kanpe nan pouvwa a pandan pèp la ap viv nan mizè. Fok sa kaba paske goumen kont moun pap pote anyen kom rezilta. Se kont sistèm nan pou lit la komanse pou jenès la kap soufwi depi lontan gen espwa pou yon demen miyò.

*NOU VLE CHANJMAN, VIV CHANJMAN*

Share:

Author: `