Operasyon Boukinafaso = Plis pèt ekonomik e plis mizè pou malere ak malerèz

​ Operasyon boukinafaso fè malere ak malerèz kin an lari pèdi 240 milyon dola woulman ekonomik. Operasyon boukinafaso fè malere ak malerèz kap van bannan, pom de tè, mangi, fig, kowosol elatrye pèdi 4 milyon dola manje ki pouri nan mache paske moun pè soti nan lari pou al achte akoz de violans yo. Operasyon boukinafaso fè chofè taksi, lotèl, moun kap travay aewopo pèdi 35 milyon paske diaspora pè rantre nan peyi a akoz de violans yo. Operasyon Boukinafaso fè moun fè peyi a pèdi 280 milyon moun kit a pral envesti e ki desi pa vini akoz de violans yo.

Operasyon boukinafaso pral fè dola a monte 60 goud pou yon dola paske violans politik yo fè plis moun ap sere dola meriken. Operasyon boukinafaso kapab fè ayiti pèdi 600 milyon envestisman paske moun kit e komanse gade nou tankou yon peyi ke biznis ka fèt prale retire ko yo akoz de violans. Operasyon boukinafaso fè ti machann move paske violans nan lari fè yo pèdi lavant paske papa ak manman kit e konnen achte yon ti kado pou pitit yo pou fèt la pè violans nan lari. Operasyon boukinafaso se plis malere ak malerèz ke lap kreye. Si operasyon boukinafaso kontinye nan mwa Janvye a, akoz de mesye MOPOD-INITE-LAVALAs nou kapab rive nan yon sitiyasyon kote ou gen dwa genyen 200 goud nan men’w e ou pap kapab achte yon dola meriken. Boukinafaso=Kraze peyi

Share:

Author: `

1 thought on “Operasyon Boukinafaso = Plis pèt ekonomik e plis mizè pou malere ak malerèz

  1. Pèpla pa minm konnin ki sa ki istoua boukinafso a.
    Olié n’ap répété ak yo ké dé moun mété dévan Pou réglé zafè yo.
    An nou ouè kouman n’a ba yo ou lòt opsion, gin anpil promès ki té fèt min ki pa kinbé.Moin pap ran ékip an plas la
    responsab min gin tròp manti ki bay.An nou sérié
    tout bèl lidé ak promès ki té fèt bloké san eksplikasion.
    Nou pa palé ak biznis man anba yo(pa gin kòb, dola minm sé pa palé. Bagay sa koumansé dépi 2012 lò sénatè Bautista koumansé gin problèm ak léta nan péyi li, tòl roze yo monté paské konstriksion yo ké anpil moun ki té gin espoua ou vié jòb
    Dékourajé, minm Jan zòt té fè anvan yo distribiyé
    Zam nan géto yo épi. ..Pou késion dé lajan ki pap fèt
    fè ou ti éfò mandé Géri oubiyn Aped yap did nou
    vérité a.Gin you grin nèg k’ap fè kòb anba a é si
    ou gin you projè rasiré ou ké li pa gin youn déja
    oubiyn fòk ou patnèl ak lajan pa ou oubiyn moun ki
    mété ak ou.Boukinafso sé rans:PROJÈ PIÈ PAYAN AP VANSÉ
    A GRAN PA.HAITI PA FÈ ZAM KI BÒ YO TOUT SÒTI.
    BOUKINAFSO C’EST DU PIPI DE CHAT.
    KIKO PALÉ NOU: PIGA NOU TOUNIN EVINKS D AK ANPIL LÒT ANKÒ.
    AN NOU BARÉ ANRO AN BARÉ ANBA POU NOU FÈ LÒT HAITI A POSIB.
    AK anpil Lanmou épi reepè youn Pou lòt n’ap changé bagay yo.
    Linion fè la fos.Nou sonjé?

Comments are closed.