NÉG JOVNÉL LA, SA LI KONPRANN!

Sep 3, 2019

Nég ki lage pawol saa dekrete li nan lopozisyon kont Gouvénman Jovenel Moise. Wé pa wé,kelkanswa mwayen li jwenn,lap sévi avé l pou chavire bato Moise la. Kit se grév ak manifestasyon, kit se boule kawoutyou, kraze machin, bloke ouvéti lekol,mete dife nan mache, pa gen anyen l pap fé pou prezidan Moise rache manyok li. Nég Jovnel la, sa li konprann!

M pa konn si m tande byen, men anvan manb lopozisyon saa al rejwenn militan paréy li, li lage yon dénye pawol komkwa « Nég Jovnél la tou egare! ».

Koze konsa, se ri pou yo ta fé nou ri. Depi ki lé yon Nég Dayiti ki rive Prezidan ta yon Egare!  Men ,an nou reflechi, paske koze politik se koze serye.Opozan saa ki deside sévi ak zam vyolans pou mete Gouvénman an até,li prezante tét li kom yon Demokrat. 

Li se militan yon pati demokrat.

Kidonk,zam pou tabli demokrasi se vyolans! 

Zam pou fé lopozisyon kont yon gouvénman Pép vote,se vyolans!

Sa yon prezidan konprann,se pa yon kesyon fasil pou reponn.Men li klé pou sa ki vle wé,Prezidan Jovenel Moise pa mache kole ap diktati,ni represyon politik.Li klé pou Prezidan Jovenel Moise,Demokrasi se yon konstriksyon,yon verite ki mande patisipasyon tout sitwayen pou li chita sou baz solid.Vyolans pa zouti,ni zam pou kanpe rejim Demokrasi Pép Ayisyen adopte an 1987.

Demokrasi se dyalog,se chitatande pou diskite,pou pran mezi pou amelyore kondisyon lavi Pép.Nan rejim Demokrasi, nou ka advésé,nou ka pa wé bagay yo menmjan,men nou pa lenmi pou sa. Lé yon opozan,lé yon mouvman opozisyon di lap detwi ekonomi yon peyi,lap kraze-brize,lap boule byen sitwayen, anpeche lekol louvri, koman nou ka rele sa? Éske nou ka kite moun ki aji, moun ki panse konsa rive nan tét Leta?Responsab sekirite douz milyon abitan?
Respé dwa ak devwa se kondisyon pou Demokrasi vanse, kreye travay ak estabilite. Lé on sitwayen konprann sa, li pa egare. Se pousa, devan gwo pwoblém Ayiti ap konfwonte, gen nesesite pou mete men ansanm pou jwenn bonjan solisyon.

Si nou konprann byen,nan rejim demokrasi,si gen egare,pi gwo egare a se nég ki kwé li ka sévi ak vyolans pou enpoze volonte l a tout sitwayen. Se politisyen ki pa konprann demokrasi chita sou pliralis politik ak respé yonn pou lot. Konsa,viktwa nan rejim demokrasi pa janm viktwa yon moun, men viktwa tout moun, pou chanje lavi yon kominote, yon peyi.

Mouvman Jenn Sitwayen Angaje

  

 

 

 

 

 

   

Share:

Author: `