MOISE JEAN CHARLES, JEAN BERTRAND ARISTIDE, MENN ZWAZO, MENM PLIMAJ

IMG_256

Nov 2 2017

Nan okazyon lanmo Prezidan Préval, Fré Syamwa li, J.B.Aristid pa voye menm yon ti mo kondoleyans.

IMG_256

Sa rele: manke Lizaj. Pép la te pran kané l pou make atitid saa, ki pa mache avék kilti, avék ledikasyon nou. Jan Aristid renmen pale!  Si sete pou mande brile kawoutyou, bay Pé Lebren, menase moun,se chante Pé Aristid tap chante.

Jodia, kandida Moise Jean Charles montre li se yon bon manm Fanmi Lavalas, bonjan  pitit Aristid. Prezidan Jovenel Moise tande li malad,swete misye bon retablisman nan yon mesaj sou twitter.  Misye pa kontan. Li ta menm di :li pap resevwa Prezidan peyia si li vini wé l.

Tankou patwon l ak modél li, J.B.Aristide, Moyse Jean Charles montre aklé li san Lizaz. Sa gen anpil sans lé yon sitwayen, nan nivo saa, kandida pou Prezidan osnon Prezidan, meprize kilti pép yo. Sa gen anpil siyifikasyon. Se fanmi politisyen sa yo ki kwé larekonesans, nan domenn politik,se yon lachte.

Se politisyen sa yo ki pa ezite totire moun, ba yo lanmo, antere opozan vivan Fo Dimanch ou ba yo Pé Lebren.

IMG_256

Koman politisyen san lizaj, san kilti, san ledikasyon ka travay pou linyon, pou tét ansanm, pou fé devlopman? Sa deja tris anpil lé ou tande pawol konsa nan bouch yon Kandida pou prezidan. Nou wé malé yon peyi lé aza listwa pote kandida san lizaj sa yo nan tét yon peyi.

Bondye bon. Lap veye sou Ayiti. Noumenm, nan kotidyen Li Jou, nou pa mache ak kandida ni Prezidan san Lizaj. Men, an bon Ayisyen, ki respekte sitwayen paréy nou,menm si nou pa dako avé l, nou swete Moyse Jean Charles bonjan retablisman! Ke li repran fos,  pou defann valé demokatik san vyolans ak menas!

IMG_256

Share:

Author: `