Mesaj pou nasyon an nan kad fèt Konstitisyon 1987

Mar 31 09:48PM -0700

Konstitisyon
1987
26 zan
aprè

Ayisyen
Ayisyèn,

« Chimen bouton, chimen
maleng », mwen pran pwovèb sa a, nan liv sajès Pèp la, pou m’ pote yon
mesaj-refleksyon, yon mesaj-responsabilite bay tout sitwayen ak sitwayèn,
gouvènan ak gouvène, devan move siyal Demokrasi nan peyi nou ap mache
dwategòch.

Depi 1987, Pèp Ayisyen chwazi Demokrasi
pou Rejim Konstitisyonèl. Li chwazi rejim sa a, pou tout moun ki sou teritwa a
ka viv anpè, pou ekonomi peyi a devlope, pou kreye travay, pou bay ledikasyon
ak lasante e pou tout pitit li gen menm dwa, nan respè devwa yo.

Pèp la fè gwo sakrifis, l’ap tann
toujou ! Se vre Demokrasi pa fèt nan yon sèl jou ! Eritaj mizè,
divizyon ak malè, Diktati ak move Gouvènans kite, sa pran tan pou efase !
Pèp la ak tout sektè nan Sosyete a, fè anpil sakrifis pou Demokrasi vanse menm
lè se «ti pa, ti pa». Men gen siy ki pa twonpe. Lè gen siyal,
Enstitisyon yo ap mache mal, fòk nou pran mezi pou sa chanje.  Se devwa
nou tout pou leve kanpe, pou korije sa ki mande korije, nan respè Konstitisyon
an.

Konstitisyon yon peyi se nanm peyi a.

Eleksyon se matris demokrasi.

Jodi a, Ayiti ap debat nan yon enpas
eleksyon ki pa nòmal, enpas ki montre a klè enkonsyans, malveyans anpil
politisyen ak Enstitisyon k’ap jwe ak Avni peyi a ak enterè nasyon an.

·      Yo fè mannèv nan Amandman
Konstitisyon an: swadizan Sosyete Sivil ranplase Asanble Nasyonal.

·      Yo fè mannèv nan Konsèy Siperyè
Pouvwa Jidisyè a: se yon wont pou Lajistis.

·      Yo fè mannèv nan Konsèy Elektoral
la : se yon eskandal.

·      Yo fè mannèv nan Palman an, kote
Palmantè serye nwaye nan mitan palmantè ki pa kòdyòm.

·      Yo fè mannèv, mannèv pou pouvwa,
mannèv pou dezekilibre Enstitisyon yo, pou retire chwa konsèy elektoral la nan
men Pèp la pou manipile eleksyon.

·      Yo si telman fè mannèv, ke Jodi
a :
o   Palman pèdi kredibilite l’,
o   Sistèm Jidisyè a an agoni,
o   Ekzekitif la pa lwen pèdi konfyans
popilasyon an.

Mannèv sou mannèv, menm kominote
entènasyonal la gaye.

Ayisyen
Ayisyèn,

Gen pawòl anpil moun pa vle tande, men
Demokrasi se Gouvènman lapawòl, libète pawòl. Se pou tèt sa, n’ap pale, n’ap
pale fò pou tout moun tande.

Demokrasi se pa kado joudlan, ni kado
dirijan.

Men kèk konpòtman ak zak ki pa bon pou
Demokrasi, k’ap frennen pwogrè peyi a depi lontan :

1)   Depi eleksyon fèt, kandida ki eli
yo, anpil ladan yo, gen tandans pou yo sèvi tèt yo, sou do mizè Pèp la.

2)   Gouvènman gen tandans pou mande
fonksyonè Leta pou yo fè volonte yo, alòske fonksyon piblik gen règ ak règleman
l pou respekte. Fonksyon piblik pa chwal papa.

3)   Olye Leta ankouraje
desantralizasyon pou yon devlopman total kapital, mete  lòd, travay ak
estabilite pou asire byennèt pèp la, li pito enstale tèt li nan mandisite.

4)   Lagalri, fè wè, sinema ak cho
biznis ranplase tèt ansanm ak dyalòg ; yo pito ankouraje divizyon, chen
manje chen pami pitit peyi a.

Pwoblèm sa yo, sa fè lontan nap debat
avèk yo. Verite sa yo fèt pou di.

Pèp la pa vle gade dèyè ! Se vanse li
vle vanse.

Li pa nòmal pou vòt nou bay nan eleksyon
sèvi siyati pou kondane nou.

Non, li pa nòmal pou Lajistis ap
kontinye dòmi nan menm kabann ak enpinite.

Dantan, bagay yo pat bon, men yo pa janm
nan eta sa a.

Sa fè mal anpil. Pèp Ayisyen pa merite
sa.

Non, li pa nòmal pou nan bidjè leta a,
ledikasyon se mwens ke dipousan (10%), pou kalite ansèyman timoun, jèn, ap
resevwa nan peyi a, ap bese chak lane.

Li pa nòmal pou yon ijans tankou pwoblèm
lanviwonnman pa menm jwenn twa pou san (3%) nan bidjè Leta a.

Li pa nòmal pou fanm, jèn, peyizan ki se
twa majorite peyi a, pa gen plas nan priyorite Leta.

Li pa nòmal pou tout moun sa yo nan peyi
a, pa gen  kat elektoral. Menmjan li pa nòmal ke frè ak sè nou yo ki
sipote nou anpil nan dyaspora a poko ka vote nan eleksyon lakay.

Kote diyite, kote fyète ak lonè gouvènman
yo nan peyi Tousen, Desalin ak Petyon an ?

Pèp Ayisyen mande viv !

Sa ki gen zorèy ya tande, sa ki pa vle
tande se yo ki konnen poukisa. Paske chimen bouton se chimen maleng.

Pèp Ayisyen mande pou yo sispann trayi
konfyans li. Pèp Ayisyen di li soufri twòp : li pap pran zannana pou
pengwen ankò. Se pou sa li te vote Konstitisyon 1987 la.

Ayisyen
Ayisyèn,

Nou di ase ! Sètase !

Demokrasi se pa volonte yon moun,
Demokrasi se pa enterè yon ti gwoup. Demokrasi se yon rejim kote eleksyon, bonjan
eleksyon fèt, kote Pèp la chwazi reprezantan l’, pou defann enterè l’, ak
enterè tout sektè nan peyi a.

Nasyon ki granmoun tèt li depanse lajan
pa li pou fè eleksyon. Jodi a nan peyi nou, òganizasyon eleksyon se avèk lajan
patnè etranje ke li fèt. Se pa yon bon bagay pou nou.  Eske n’ap tann tou
se yo ki pou mete nou chita ansanm, fè nou rekonsilye, fè lapè youn ak
lòt ?  Se yon bagay ki grav pou tande. Li lè pou nou chanje, li le
pou sa chanje. Dwa granmoun nou, kidonk Souverènte, travay ak rekonsilasyon
mache ansanm.

« Chimen bouton se chimen
maleng ».Pou moun ki
poko konprann, n’ap repete ankò : Demokrasi se chwa pèp la. Ayiti, Ayisyen
pap tounen dèyè. Rekonsilyasyon, tèt ansanm, ak ledikasyon se sa ki dwe bousòl,
limyè peyi a, jan Tousen ak Desalin te vle l’, e jan Mandela ak anpil lòt
dirijan nan peyi yo fè li.

Li lè pou nou bay vyolans, enpinite,
chen manje chen yon bwa long kenbe.

Li lè pou Ayiti administre, dirije,
pwogrese nan transparans, verite, konpreyansyon ak Jistis.

Nan sans sa a, nou pa wè kote dyòb ap
sòti, kote lajan, kote envestisman ap sòti pou louvri chantye, fè lopital, pou
fè wout, pou konstwi lojman ak lekòl, lè moun nan tout sektè, òm dafè,
pwofesyonèl ak patnè entanasyonal yo pèdi konfyans nan Enstitisyon peyi a.

Sa fè 26 lane nou vote manman lwa 1987
la, anpil tèt ansanm rete pou fèt pou konsolide baz demokrasi a. Tèt ansanm sa
yo dwe reyini twa pouvwa Leta yo, kolektivite yo ansanm ak tout òganizasyon
Sosyete Sivil la pou chanje Enstitisyon peyi a, fè yo mache byen, yon jan pou
Ayiti gen estabilite, pou pwodiksyon agrikòl, endistriyèl, touristik, ka
devlope.

Nou vle, lè pwopozisyon amandman ap fèt,
pou yo chèche patisipasyon tout kategori sosyal  yo. Konstitisyon se zafè
tout moun. Konsa gen nesesite pou Ekzekitif la ak Palman an pran vwa sajès pou
rebat kat la, korije brigandaj ki sot fèt nan amandman 2011 la. Anvan fen
lejislati 2014 la, se pou palmantè yo, pati politik yo, òganizasyon sosyete
sivil yo, gwoup pwofesyonèl yo, elatriye…, se pou yo pale, diskite ak
sitwayen, sitwayèn yo.

Fwa sa a, Pèp la dwe veye pou vye mannèv
ki te fèt an 2011 pou amande Konstitisyon an, pa fèt ankò, pou evite vye kriz
initil  n’ap viv jodi a.

Nan
sans sa a ak nan enterè pèp la nou di :

1)   an nou
rantre tout bon nan rejim konstitisyonel,

2)   an nou
fè bonjan eleksyon nan transparans pou pèp la jwenn rezilta vòt li,

3)
kesyon doub nasyonalite a, dwe tounen yon verite ki makònen ak dwa frè ak
sè nou nan dyaspora a, pou yo vote tout bon nan tout eleksyon,

4)
eleksyon prezidan, senatè, depite ak kolektive teritoryal dwe fèt an menm tan
pou evite twòp depans kit pou leta kit pou kandida yo,

5)
dispozisyon yo fèt pou klè sou kesyon desantralizasyon ak kolektivite
teritoryal yo,

6)
bonjan amandman konstitisyon an dwe fèt, men fwa sa a lap fèt nan deba
lajmanlaj ant tout sitwayen, nan de lang peyi a, jan manman lwa peyi a mande l’.

Li lè pou yo sispann konsidere Ayiti
tankou yon peyi fayi, ki vle di yon peyi ki paka asire byennèt popilasyon
li : bay travay, pwodui manje, konstwi lojman, lopital ak lekòl. Se pou sa
yon Pèp mete Demokrasi kanpe.

«Tout moun ladan l», se wout sa a
nou dwe pran, se sèl wout k’ap pote solisyon pou pwoblèm pa nou. Jodi a, se
devwa sa a nou tout genyen anfas peyi a.

Tout sitwayen ki di li renmen peyi l’,
dwe patisipe nan konbit sa a pou rebati yon lòt Ayiti. Se ak blòk atik plis
siman lespri Konstitisyon 1987 la ke n’ap bati lòt Ayiti sa a. Nou kapab si nou
tout sonje nou se pitit menm tè a, Ayisyen isit, Ayisyen lòtbò dlo. Yon Pèp ki
fè 1804, li kapab bati yon bon Demokrasi. Lè nou mete ansanm ak tout lòt pitit
peyi a ki vini apre 1804, n’ap reyisi. Ayiti fè anpil pou nou, an nou mete tèt
ansanm ak tout zanmi peyi Dayiti pou nou chanje figi peyi nou.

«Tout moun ladan l», se prensip
fondamantal filozofi ak aksyon nou. Travay, dyalòg, rekonsilyasyon ak
ledikasyon, se sèl zam nou chwazi pou konsolide Demokrasi. Misyon sa a, se
misyon nou tout.

Granmèt la, zansèt yo va beni nou
pou sa.

Me Jean-Henry CEANT
Lidè Politik
Mas 2013

Share:

Author: `