Mesaj Met Jean-Henry Ceant apre Pasaj siklon Sandy

Pòtoprens, Madi 30 oktob 2012,

Pèp Ayisyen,

Ayisyen ak Ayisyèn an Ayiti ak  Lòtbòdlo,

Nou poko fin cheche dlo nan je nou, nou poko fin konte kadav viktim ak dega tranblemandetè 12 janvye 2010 la fè, alèkile men siklòn Sandy vin frape Ayiti fò, jouk nan zo.

Lavi isit te deja pa bon. Lavi isit se syè ak san kap koule pou fè manje monte tab, pou peye lwaye ak voye timoun lekòl.  Sandy vin pote plis mizè ak dezolasyon pou nou, pandan ke anpilfrè ak sè n anba tant toujou.

Frè ak Sè m yo,

Nan move moman sa a, nan tristès sa a, mwen di nou: KOURAJ!

Nou poko fin konte moun ki disparèt ni sa ki blese. Anpil Frè ak sè n pèdi lavi yo.  Dlo inonde plizyè nan depatman yo, dlo pote bèt ale ak tout jaden yo.

Sandy touye moun, li kraze kay, likoupe wout, li pa kite anyen pou peyizan nou yo rekolte.

Se lapenn isit, men se lapenn tou lòtbò fwontyè, lòtbò dlo. Map di Pèp Frè Ameriken yo, Pèp Frè Repiblik Dominikèn, Kiba, Jamayik, Pòtoriko : MWEN PATAJE DOULE NOU TOUT.

Nou tout ki viktim, anpatikilye nou menn kap viv nan Noujèze ak Nouyok ,

espesyalman nan Vil Manatann kote Sandy fè anpil dega, mwen vle, nan non tout fré ak sè bò isit, pote yon gwo tètkole solidarite pou nou.

Mwen kanpe avèk nou! Doulè yon Ayisyen se doulè tout Ayisyen, doulè yon Kretyen vivan se doulè tout kretyen vivan.

Ayisyen, Ayisyèn,

Jodi a, yon lòt fwa ankò malè frape nou. Malè frape Ayiti fò, sitou nan depatman , Sid, Sidès,Nip,

Grandans ak Lwès.  Men malè pa yon fatalite.

An nou mete nou dakò tout bon vre pou Solidarite ak Tèt Ansanm.

Si nou kontinye nan chemen pèditan sou wout egoyis, hinghang divizyon ak chenmanjechen,

Solèy Solidarite paka leve sou peyi  nou.  Se nan tèt ansanm nap kapab rekonstwi yon Ayiti kipare pou fè fas ak katastwòf natirèl; yon Ayiti kote pwoteksyon anviwònman gen premye plas nan tout

pwogwam nap mete sou pye pou peyi nou. Nan yon Ayiti kote jèn yo jwenn plas yokom potomitan pou kore

« PWOTEKSYON SIVIL LA » kote rivyè yo ap pwoteje depi kote yopran sous yo ,

kire,drage, byen pwofile ak bonjan panye gabyon;

kote moun deplase nanzòn arisk ap jwenn bonjan abri ki prepare pou resevwa yo nan bonjan kondisyon, kotemanje,

medikaman, dlo, gaz, elatrye…, ak tout pwodui premye nesesite ka mete sou kle pou ede moun sinistre NAN TOUT KALITE IJANS .

PREVANSYON PA LIKS, KATASTWOF NATIREL PA YON FATALITE

Fré ak Sè m yo,

Ayisyen, Ayisyèn, isit kou Lòtbòdlo,

AN NOU PRAN KOURAJ!  AN NOU  METE TET ANSANM POU NOU VANSE, POU SOLEY LEVE

POU YON  CHANJMAN TOTAL-KAPITAL LAVI AN AYITI!

Me JEAN-HENRY CEANT

LIDE POLITIK

Share:

Author: `