MEN YO!OPOZISYON EGAL DESTRIKSYON!

Related image

Sep 4, 2017

Paske Ministé Planifikasyon vle mete lod ak moralite nan aksyon kék ONG, KAP FÉ RAKÉT  NAN DOMENN Éd ENTÉNASYONAL, yon sekté nan sa yo rele LOPOZISYON AN ap chéche fé kwé Gouvénman Ayisyen kondane Éd Enténasyonal.

Sa Ministé a mande, se respekte objektif gouvénman an, chwa responsab ke Pép la mete sou pouvwa a.  Kote ONG ap pouse tankou dyondyon, gen plas pou dezod ak koripsyon.

Aloske Ministé Planifikasyon ap chache mete lod nan dezod, Lopozisyon ap fé sikile move rimé. Anpil moun ki te kwé mesye sa yo te ka chanje més ak move abitid detwonpe yo. Men, sa fé lontan Pép la pa kwé nan reprezantan gwoup ak pati sa yo, li batize lédé. Ki vle di, yo pa dwe rele tét yo lidé.Politik yo, se PITO NOU LÉD, NOU LA.

E se Ledé sa yo, ki ta vle yon jou dirije Nasyon an. Erézman, nan Demokrasi se vot Pép ki mete dirijan sou pouvwa. Erézman, je Pép la louvri!Li wé klé!Li wé e li konnen kote enteré li ye, e kilés kap travay pou chanje kondisyon lavi l!

Image result for jovenel moise PHOTOS

Share:

Author: `