Me Jean-Henry Céant Mesaj Mèt Jean-Henry Céant Nan kad rantre lekòl la

September 30, 2013
By `
Ayisyèn,
Ayisyen,
Paran,
Edikatè,
Elèv nou yo,
Rantre lekòl, se yon moman ki gen anpil siyifikasyon pou yon peyi, espesyalman pou peyi nou ki gen anpil ijans sitou ijans pou leve drapo Ledikasyon an byen wo pou avansman jenès la, byennèt popilasyon an e pou diyite non Ayisyen an.
Nan sikonstans sa a, mwen salye lanmou ak kouraj Pèp Ayisyen an. Manman, papa, sè, frè, marenn, parenn, vwazen ak vwazin, sa ki isit, sa ki lòtbò dlo ki, yon lòt fwa ankò fè tout sakrifis, dekouvri Sen Pyè pou kouvri Sen Pòl pou pote pen lenstriksyon bay pitit yo, pou sipòte jefò nan lekòl ak nan inivèsite.
Mwen di : « felisitasyon pou yo! ». San yo, Ayiti t’ap yon savann. Se yo ki rele se yo ki reponn. Dapre estatistik sou ledikasyon, paran yo envesti detyè (2/3) nan salè yo pou fè fas ak obligasyon enstriksyon. Sa vle di anpil. Yon pèp ki kwè nan ledikasyon, li pare tou pou konstwi Demokrasi.
Mwen pwofite voye salitasyon mwen pou tout elèv lekòl preskolè, lekòl fondamantal, lekòl sekondè, pou tout etidyan lekòl pwofesyonèl ak inivèsite.
Pi piti yo ki nan kindègadenn, yo wè, men yo poko konprann nèt. N’ap kenbe men yo, n’ap akonpanye yo lekòl, n’ap gen je louvri sou yo, pou yo aprann ak kè kontan. Travay la pa fasil men nou konte sou kouraj, volonte ak konpetans metrès yo pou sa fèt kòm sa dwa. Paske se la a misyon sosyal lekòl la koumanse, se la a chanjman mantalite a komanse, se la a obligasyon bay chans egal la koumanse pou li vini pita yon verite, lè moman aprantisaj akademik la rive. Mèsi, mèsi anpil, nou se yon lòt manman pou timoun yo nou menm metrès yo. Anyen, pèsonn ni lajan paka peye nou pou sa n’ap fè a.
Kanta pi gran yo ki temwen sakrifis paran yo ap fè, nou mande yo, pou yo travay nan lòd ak disiplin, pou yo fè efò chak jou, pou demen yo ka sèvi tèt yo, fanmi yo ak Nasyon an. Pa gen reyisit san efò ak konstans, pa gen reyisit san volonte. Nou konnen tou, nan peyi Dayiti, anyen pa fasil. Paran yo fè travay yo, yo sakrifye yo, yo envesti, y’ap tann rezilta ak satisfaksyon.
Jan pwovèb la di : pi bonè se granm maten. Koumanse depi jodi a. Mwen konnen jan kondisyon aprantisaj difisil nan peyi nou, se pousa mwen di nou kouraj. Men pa bliye lajenès se fòs, se enèji, se ideyal. Mwen mande nou pou nou mete anpil konesans ak sajès nan fòs nou, nan enèji nou, nan ideyal nou pou nou ka leve tout gwo defi. Fòk sosyete a, leta a envesti nan lajenès ki se potomitan peyi a.
Nan sans sa a pou ledikasyon reyisi vreman vre, pou li bay bonjan randman, fò mèt yo, metrès yo, pwofesè yo, direktè yo, nan sektè prive tankou nan sektè piblik fè travay pa yo. Fò responsab Leta, ki vle di fonksyonè ledikasyon yo, ranpli devwa yo kòrèkteman, avèk syans e konsyans.
N’ap voye yon gwo kout chapo pou tout anseyan yo. Nan kondisyon difisil, ak salè ki pa koresponn ak lavi chè jodi a, y’ap pote lenstriksyon ak lizaj bay timoun yo ak jenès la pou tout peyi a. Fè lekòl, se pa yon djòb fasil. An Ayiti se pa pale. Mwen salye nou e mwen di nou tout kouraj ! Konpliman ! Sa nou bezwen, sa nou manke a, Leta gen obligasyon pou li ba nou li : plis fòmasyon, bon kondisyon travay, asirans ak sekirite.
An nou di li aklè : san nou menm Anseyan, ti boujon yo pa tap grandi byen, jenès la pa tap byen fòme, Ayiti pa tap ka pran wout devlopman. San nou : Sektè Agrikòl, Sektè Endistriyèl ak sèvis paka mache byen, e paka antre nan konpetisyon sou mache entènasyonal la.
Anseyan, Mèt, Metrès ak Pwofesè, nou se tèt ak kè wout devlopman Ayiti ap chèche a.
Se la tou, responsab Leta yo nan ledikasyon dwe montre volonte yo, konpetans yo, angajman yo devan peyi a ak nasyon an.
Koze ledikasyon two enpòtan pou nou pata di verite a, tout verite a : sistèm edikatif la depase, li sou woulib. Depi refòm Bèna en 1977, nan non Minis Jozèf C. Bèna ki te travay pou amelyore pwogram ak metòd yo, ki te travay pou kreyòl vin matyè ansèyman ak lang pou aprann, depi etid ak ankèt Enstiti Pedagojik Nasyonal, pa gen anpil bagay ki fèt pou amelyore sistèm edikatif la. Sa a se yon gwo lapenn.
N’ap salye memwa gwo Minis sa a ! E n’ap di :
-          Li pa nòmal pou Ministè Ledikasyon la sèlman pou anrejistre kantite echèk ki fèt chak lane nan egzamen ofisyèl.
-          Li pa nòmal pou okenn etid pa fèt, pou konnen ki matyè ki lakòz echèk sa yo, nan ki kategori sosyal gen plis viktim, e kisa ki dwe mete sou pye pou ede elèv sa yo, pou chanje sitiyasyon an.
-          Li pa nòmal pou òf eskolè a ap diminye chak ane. Pou timoun oblije kite kay paran yo desann lavil paske pa gen ni lekòl, ni inivèsite ni sant pwofesyonèl nan zòn kote yo rete. Sa pa nòmal ditou e sa kontribye nan kraze relasyon emosyonèl anndan fanmi.
-          Li pa nòmal pou Ministè a kontinye ap lave men l’ fè Ponspilat pandan katrevendinèf  pou san (99%) lekòl preskolè, swasantdouz pou san (72%) lekòl fondamantal, katrevensenk pou san (85%) lekòl segondè, katreven pou san (80%) lekòl pwofesyonèl teknik ak inivèsite nan men sektè prive a.
-          Li pa nòmal pou sal lekòl yo chaje konsa nan lekòl piblik yo, sa ki konplike travay pwofesè yo ak aprantisaj disiplin yo.
-          Li pa nòmal pou sistèm edikatif la kontinye ap jere yon lekòl a 2, 3 menm 4 vitès, kote gen plizyè kalite ansèyman selon zòn lekòl la, revni paran elèv yo, selon salè pwofesè yo, selon ke lekòl se lekòl prive ou lekòl piblik.
-          Li pa nòmal pou profesè pa resevwa salè yo atan.
Reyalite sa a paka kontinye, paran yo fè twòp sakrifis, taks sitwayèn ak sitwayen yo pa dwe ap gaspiye konsa. Poutèt sa nou mande nan tout sa ki gen pou fèt yo:
  1. Pou Gouvènman an deklare mezi dijans pou Ledikasyon ;
  2. Pou Leta mete kanpe plan karyè pou Edikatè yo;
  3. Pou Leta annakò ak inivèsite Leta, soumèt Palman an lwa kad Inivèsite a ;
  4. Pou Ministè a ak tout Sektè ki konsène travay pou refòme sistèm ledikasyon an, modènize li e mete li nan nivo tout peyi nan rejyon an ak kontinan an ;
  5. Pou Ministè a fikse yon efektif elèv rezonab pou chak klas yo ;
  6. Pou Ministè a fè fòmasyon nan dis (10) Depatman yo pou profesè yo ak tout moun, tout volontè ki vle pote kole nan diferan nivo sik lekòl peyi a ;
  7. Pou Ministè a pran mezi ki jis, touswit, pou anpeche yon bon inisyativ tankou PSUGO, nan manke rige ak kontwòl,  tounen yon fon komès pou alimante lekòl orabè, alòske li te dwe sèvi pou ogmante kantite ak kalite lekòl piblik yo ;
  8. Pou Leta fè sakrifis pou bay fonksyonè yo katòzyèm mwa a pou yo fè fas ak difikilte rantre lekòl la ;
  9. Pou Leta ankouraje fòmasyon nan patenarya sektè prive sektè piblik, Wòl li se ap pran konsiderasyon kesyon sa yo : kalite anseyan, finansman bibliotèk avèk espò, pwoblèm preskolè a, asirans ak proteksyon edikatè elatriye.
M’ap di tout Edikatè, tout Paran, tout Responsab : bon travay e bon kouraj. Nou tout, direkteman ou endirekteman nou se edikatè. Yon Nasyon ki devlope, ki merite respè, se yon Nasyon ki chita sou Ledikasyon, ki envesti nan konesans ak lenstriksyon.
Men pou sa fèt fòk tout moun enplike yo, fòk tout moun asepte fè bonjan sakrifis, fòk nou di tout moun ladan l’ paske ledikasyon konsène tout moun alawonbadè.
Ann nou fè vit pou leve eskanp figi sistèm edikasyon an nan peyi pa nou an. Tout moun ladan l’.  Yon sistèm kote tout moun ap aprann, kote youn ap montre lòt, kote nou tout ap kreye kondisyon pou youn ak lòt aprann, se sèl garanti nou.
Tout moun ladan l’.
N’ap profite nan okasyon sa a malgre sitiyasyon difisil peyi a ap travèse pou nou di profèse, elèv nou yo bòn ane eskolè 2013-2014.
Mèt Jean-Henry Céant
Lidè politik

26 septanm 2013

Comments are closed.