LAURENT LAMOTHE, YON KAPITAL KONFYANS AK ESTABILITE POU AYITI

Premye Minis LAURENT LAMOTHE remet demisyon li bay PREZIDAN MICHEL MARTELLY.Li respekte pawol li,li montre,jan`l toujou di`l,se entere peyi Dayiti ki bousol li.Ki vle di ,li  la pou jwenn solisyon nan pwoblem yo,li pa la pou kreye pwoblem ni pou ogmante pwoblem.
NAN SANS SA A,BILAN REYALIZASYON PREMYE MINIS LAN TE DEJA PALE POU LI.Gen anpil pwogre ki fet nan Ledikasyon,kote timoun pep yo jwenn lekol gratis,kote kalite ledikasyon t`ap mache ak fomasyon profese,plis anpil envestisman pou bonjan kondisyon travay pou tout timoun,nan tout peyi a.
FO NOU AJOUTE TOU WOUT,RESTORASYON AYEWOPO OKAP,KONSTRIKSYON AYEWOPO ILAVACH.SE BAZ POU DEVPLOPE SEKTE TOURIS KI TE DISPARET NAN EKONOMI PEYI A.
Estabilite ranplase sa yo te pran abitid rele ETA DE NONDWA,kote kidnaping,trafik dwog tap fet lib e libe.
AN VERITE,gouvenman MATELI-LAMOT travay pou chanje kondisyon lavi nan peyia.Yo montre yo se patriyot,yo montre yo se dirijan responsab.Yo mete AYITI sou wout kwasans,yo poze baz pou demokrasi vanse.
POU NOU,gen yon aspe ki dwe souliye plis pase lot nan jestyon PREMYE MINIS LAMOT LA.SE KONFYANS LI FE POPILASYON AN RETOUNEN GENYEN NAN ENSTITISYON LETA YO.NAN PROJE GOUVENMAN AN,NAN AKSYON LI ,TOUJOU GEN PLAS POU DYALOG,DISKISYON AK KONSETASYON.
Se konfyans nan LETA ki pou fe sitiyasyon pikekole,move jwet, yon pa an avan-dis- pa- an- arye a, sispann frennen AYITI SOU CHEMEN DEVLOPMAN.KONFYANS,SE YON SIMAN POU TOUT SITWAYEN,KONFYANS SE GARANTI ETA DE DWA.Se kapital konfyans la PREMYE MINIS LA POTE KI ANKOURAJE POPILASYON AN SIPOTE PWOJE GOUVENMAN YO,E ATIRE ENVESTISMAN PEYI ETRANJE YO.
Kapital saa ,pa dwe pedi.Depi plis pase trant lane,pep la ap mande chanjman nan kondisyon lavi li.PREMYE MINIS LAMOT ALE,MEN TRAVAY LA DWE KONTINWE.
PREMYE MINIS LAMOT ALE.KAPITAL ESTABILITE,SEKIRITE AK KWASANS LI KITE AP PALE POU LI.SA EKRI NAN KE PEP AYISYEN.ANYEN PA KA EFASE L !
Share:

Author: `

1 thought on “LAURENT LAMOTHE, YON KAPITAL KONFYANS AK ESTABILITE POU AYITI

  1. I JUST HEARD ON CNN THAT PRESIDENT MICHEL MARTELLY OF HAITI DESERVES A LOT OF CREDIT IN THE NEGOTIATION THAT FACILITATES THE LIBERATION OF ALAN GROSS, THE AMERICAN PRISONER BEING HELD IN CUBA FOR 5 YEARS.THEY SAID, MR MARTELLY OF HAITI WENT TO CUBA ON A MISSION AND SPOKE DIRECTLY TO RAUL CASTRO DEMANDING THE RELEASE OF THE PRISONER ALAN GROSS. NOW, THANKS TO OUR PRESIDENT MARTELLY USA AND CUBA ARE REUNITED. THIS IS HISTORY IN THE MAKING. THESE ARE FACTS. MARTELLY IS A GREAT HEAD OF STATE! I AM PROUD OF YOU BROTHER! WOW! LA FIERTE D’HAITI!

Comments are closed.