Kote lajan PetroCaribe a pase?



Aout 26, 2018
Daprè yon dokiman ke Tripotay Lakay jwen, ki se yon tablo dèt ke BMPAD , òganis ki jere lajan petro karibe a dresé soti lane 2008 jiska lane 2018 la, BMPAD pou 30 avril 2018 la dwe “PDVSA” ki se konpayi venezyelyen ki vann leta Ayisyen gaz nan kad akò petrokaribe a:
139 Milyon 507 mil 287 dola 76 santim.
Alòske selon Dokiman sa, konpayi SOGENER ki depi 2006 sou Preval siyen akò avek leta Ayisyen pou vann kouran elektrik, konpayi ke Dimitri Vorbe se majò jon an dwe BMPAD pou 17 Daout 2018 la: 193 Milyon 667 Mil 989 dola 40 . an dola Ameriken .
EDH ke SOGENER bay kouran pou vann kosomatè yo dwe BMPAD 571 milyon 575, 212 dola 47, toujou an dola Meriken.
Total  SOGENER ansanm avek EDH dwe an dola Ameriken BMPAD nan lajan petrokaribe a 765 milyon 243 mil 201dola 87.
E pa blye ke BMPAD li menm dwe konpayi venezyela PDVSA 139 milyon 507 mil 287.76 dola US. Ou pa bezwen gwo save non, yon senp ti kalkil adisyon, soutraksyon ap pèmèt ou konpran anpil bagay nan kesyon lajan petroKaribe sa.

Share:

Author: `